Accessibility links

Breaking News

Ayiti Di Ansyen Prezidan René Préval yon Dènye Orevwa


Monseyè Joseph Lafontant nan moman li tap pase ansan sou sèkèy ansyen Prezidan Rene Preval pandan yo tap chante antèman li nan Pòtoprens, Ayiti, samdi 11 mas, 2017.
Monseyè Joseph Lafontant nan moman li tap pase ansan sou sèkèy ansyen Prezidan Rene Preval pandan yo tap chante antèman li nan Pòtoprens, Ayiti, samdi 11 mas, 2017.

Yo chante fineray ansyen Prezidan Ayisyen René Préval samedi 11 mas 2017 la an plenn è anba Kyòs Occide Jeanty sou plas Chand Mas nan Pòtoprens.

Plizyè milye moun te fè deplasman an pou vin rann yon dènye omaj bay ansyen Prezidan an ki te gen 74 lane. Prezidan Préval te eli demokratikman pandan 2 fwa, e li te remèt pouvwa a pasifikman bay yon lòt prezidan eli apre chak manda 5 kan li yo jan manman lwa peyi a mande sa.

Seremoni antèman an ki te gen alafwa yon aspè sivik e relijye, te dire 2 zèd tan sou direksyon kèk gwo zotobre nan legiz Katolik tankou Évèk ak Monseyè. Moun te ka remake tou prezans nouvo prezidan peyi a Jovenl Moïse ak Madanm li, ansyen Prezidan Michel Matelly, fanmi ak zanmi, ak pwòch kolaboratè ansyen prezidan an.

Nan moman ofisye polis yo te rive ak sèkèy la ki te gen kadav ansyen Prezidan René Préval la anba Kyòs Occide Jeanty sou plas Chamd Mas, nan Pòtoprens, Ayiti, 11 mas, 2017.
Nan moman ofisye polis yo te rive ak sèkèy la ki te gen kadav ansyen Prezidan René Préval la anba Kyòs Occide Jeanty sou plas Chamd Mas, nan Pòtoprens, Ayiti, 11 mas, 2017.

Agwonòm René Préval se te yon nonm ki pat renmen pale anpil. Li te semp e li te gen anpil konsiderasyon pou moun ki renmen fè jaden pou pwodui manje nan peyi a. Pitit fi ansyen prezidan an, Patricia Préval, te pran lapawòl kote li di: “Yo toujou di papam pat renmen pale anpil, e se vre.”

“Li pat yon move prezidan…li pat yon mantè,” se pawòl memorab sa yo Anna Lamartinière te pwononse anfavè defen an. Madan lamartinière ki gen 64 lane sou tèt li te ajoute, “Prezidan Préval te fè sa ki bon pou peyi a, li te konstwi pliszè wout.”

Aktyèl prezidan peyi a, Jovenel Moïse, bò kote pa l, di René Préval te konn viv a kè kontan e li te renmen tout moun, menm sila yo ki pat pataje menm opinyon ak li. Prezidan Moïse pwomèt pou l suiv bèl ekzanp li di Mesye Préval trase lè l tap ranpli wòl li kòm premye sitwayen peyi Dayiti.

Diskou Prez. Jovenel Moise nan Antèman Ansyen Prez. René Préval
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:50 0:00

Plizyè obsèvatè di tou Mesye Préval te trè diferan konpare ak ansyen siksesè li yo ki se ansyen Prezidan Jean-Bertrand Aristide, yon ansyen zanmi li, ki renmen fè bèl diskou, ak ansyen Prezidan Michel Martelly ki se yon atis ki renmen chante epi fè moun danse.

Polisye ayisyen yo kap pote sèkèy ansyen prezidan René Préval.
Polisye ayisyen yo kap pote sèkèy ansyen prezidan René Préval.

Réne Préval mouri vandredi 3 mas 2017 la apre yon malèz li te santi pandan li te nan rezidans prive li nan Pétion-Ville, yon banlye kapital la. Lanmò san zatann sa a soulve sispisyon nan mitan fanmi ak zanmi ansyen òm deta a. Dapre Komisè Gouvènman Pòtoprens lan Mèt Danton Léger, gen tès medikal apwofondi kap fèt sou kèk ògann yo te pran nan kò defen Prezidan René Préval pou detèmine vrè koz lanmò li.

Apre yo fin chante antèman ansyen chèf deta René Préval sou Kyòs Occide Jeanty nan Pòtoprens, yo te pran direksyon nò peyi a ak kadav li pou al antere li nan Mamlad, vil kote li te fèt la.

XS
SM
MD
LG