Accessibility links

Breaking News

Temwayaj Ansyen Direktè Sèvis Entèlijans Ameriken an (CIA) Devan Kongrè a sou Espyonaj Larisi a

Ansyen direktè Sèvis Ransèyman Santral Lèzetazini an (CIA), John Brennan pandan li tap reponn kesyon palmantè yo nan Kongrè a sou espyonaj Larisi nan eleksyon prezidansyèl 2016 la Ozetazini. 23 me 2017. (Foto: AP/Pablo Martinez Monsivais)

Nouvèl ki parèt sou dosye Larisi a fè konnen Prezidan Donald Trump te mande pou 2 chèf sèvis ransèyman Lèzetazini demanti akizasyon kòmkwa manm kanpay li a te pran kontak ak responsab ris yo.

Se nan kad sa a, ansyen direktè Sèvis ransèyman santral Lèzetazini an (CIA) John Brennan te bay depozisyon nan Kongrè a madi 23 me 2017 la, yon fason pou pote plis detay sou ankèt sila a. Depite ameriken yo te poze Mesye Brennan kesyon sou kesyon nan sans sa a .

Ansyen direktè CIA a, John Brennan di:

"Mwen te jwenn e mwen okouran de enfòmasyon ki revele kontak ak antretyen ant responsab ris ak sitwayen Etazini ki enplike nan kanpay kandida Donald Trump la. E sa soulve kesyon nan tèt mwen pou konnen si wi ou non ris yo te rive jwenn kowoperasyon nan men moun ameriken sa yo. Mesye Brennan presize responsab yo te eseye foure bouch yo san okenn kè sote nan eleksyon prezidansyèl 2016 la isit Ozetazini."

XS
SM
MD
LG