Accessibility links

Breaking News

Operasyon lapolis: 3 Moun Mouri, 30 Arestayon nan Nò peyi Ayiti


Lapolis Ayiti pran pozisyon devan katye jeneral PNH la nan Potoprens, apre arive Guy Philippe ke Etazini rapatriye 30 Nov. 2023.
Lapolis Ayiti pran pozisyon devan katye jeneral PNH la nan Potoprens, apre arive Guy Philippe ke Etazini rapatriye 30 Nov. 2023.

Twa moun pèdi lavi yo nan boukantay kout zam ak lapolis, 30 lòt jwenn arestasyon yo... dapre rapò Polis Nasyonal Ayiti a, ki prezante bilan operasyon l mennen nan nò peyi a.

Makorel, yon prezime manm gang nan lokalite Tibo, pami moun ki tonbe nan boukantay kout zam ak ajan fòs lòd yo.

Nan yon operasyon nan komin Milo (Depatman Nò) nan lanwit 23 pou rive 24 septanm lan, ajan Brigad entèvansyon vil Okap mete fen ak rèy Makorel nan Tibo.

Ansyen prizonye a ki enplike nan plizyè krim, tankou kidnapping ak asasinay, bwè dlo bouch li, nan kad operasyon lapolis la, ki sezi zam, katouch, kouto epi mete anba kòd plizyè endividi ki ta gen yo tranpe nan zak malonèt.

Lapolis souliye operasyon da fèt nan kad ankèt sou zak asasinay kont direktè depatmantal Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM), Augustin Kerwine, 18 septanm 2024 la nan Okap.

XS
SM
MD
LG