Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Izrayèl la Mande Twoup li yo pou yo Prepare pou yon Posib Operasyon Tèrès nan Peyi Liban

Aftermath of an Israeli strike on residential buildings in the Lebanese village Maaysrah, north of Beirut
Aftermath of an Israeli strike on residential buildings in the Lebanese village Maaysrah, north of Beirut

TEL AVIV, Izrayèl (AP) — Chèf lame Izrayèl la mande lame a ap prepare l pou yon posib operasyon tèrès nan peyi Liban.

Chèf Eta Majò a Lyetan Jeneral Herzi Halevi te adrese twoup yo sou fwontyè nò a, di dènye atak ayeryen Izrayelyen yo te fèt se pou "prepare teren an pou yon posib rantre nou."

Ministè Sante Liban an te di frap Izrayelyen yo te touye 72 moun. Sa k ki fè kantite moun ki mouri nan twa jou ki sot pase yo rive 636, epi plis pase 2,000 blese.

Mèkredi tou, yon atak dwôn te frape pò Eilat nan sid Izrayeli, yon milis Iran ap sipòte, nan Irak, te revandike zak sa a.

See all News Updates of the Day

Batay Entansifye ant Izrayel ak Hezbollah

Batay Entansifye ant Izrayel ak Hezbollah
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:03 0:00

Izrayèl ak Hezbollah ap twoke atak ankò nan moman bilan viktim yo apre yon bonbadman masiv Izrayelyen rive nan prèske 560 moun.

Etazini Pral Bay "Ide Konkrè" pou Tansyon Yo Poze Sou fwontyè Liban-Izrayèl la

Lafimen monte apre frap ayeryen Izrayelyen yo kont ilaj Nabatiyeh, nan Liban, 23 Sept. 2024.
Lafimen monte apre frap ayeryen Izrayelyen yo kont ilaj Nabatiyeh, nan Liban, 23 Sept. 2024.

Dapre sa yon responsab ameriken fè konnen nan yon deklarasyon lendi 23 septanm 2024, Etazini ap gen pou l prezante pandan Asanble Jeneral Nasyon Zini an "ide konkrè" pou bese tansyon ki gen sou fwontyè ant Izrayèl ak Liban an.

E yo pap dakò pou izrayelyen yo itilize tèritwa Liban an pou atake Ezbola.

Responsab la a te di nan New York "Nou gen ide konkrè nou pral diskite semènn sa a ak alye, patnè nou yo."

Frap izrayelyen kont Ezbola a te lakòz omwen 492 moun pèdi lavi yo nan sid peyi Liban lendi, pami yo 35 timoun dapre sa otorite peyi a rapòte.

Gwo Boukantay Kout Zam ant Izrayèl ak Hezbollah Lakoz 560 Moun Mouri

Lafimen monte apre frap ayeryen Izrayelyen yo kont ilaj Nabatiyeh, nan Liban, 23 Sept. 2024.
Lafimen monte apre frap ayeryen Izrayelyen yo kont ilaj Nabatiyeh, nan Liban, 23 Sept. 2024.

Izrayèl ak Hezbollah ap twoke atak ankò nan moman bilan viktim yo apre yon bonbadman masiv Izrayelyen rive nan prèske 560 moun.

Te gen yon nouvo frap ayeryen Izrayelyen tou kont yon banlye nan sid Bewout Madi, nan moman yo tap boukante kout zam sou fwontyè a.

Plizyè milye moun kouri kite sid Liban Lendi, e aktivite yo rive nan nivo kote moun pè pou agresyon an pa vinn tounen yon lagè tout bon.

Fanmi ki oblije kite kay yo ap domi nan abri ke yo enstale nan lekol nan Beiwout ak nan vil Sidon ki sitye sou kot la.

Otèl yo sichaje ak moun oubyen yo ogmante pri chanm yo 17 wotè, kivledi anpil fanmi pa gen lajan ase pou rete la. Sa ki pa gen mwayen yo te dòmi nan machin yo oubyen nan pak tou pre lanmè, si abri yo pat gen ase plas pou yo.

Izrayèl ak Hezbollah Fè Gwo Boukantay Kout Zam

Izrayèl ak Hezbollah Fè Gwo Boukantay Kout Zam
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:30 0:00

Izrayèl ak Hezbollah fè gwo boukantay kout zam nan moman lame Izrayelyèn nan sible batiman kote li di militan yo ap stoke zam.

Load more

XS
SM
MD
LG