Accessibility links

Breaking News

FBI Fouke Pitit Gason Sispèk Ki Te Tante Asasine Trump lan

A Sherrif block the street outside the Trump International Golf Club in West Palm Beach, Florida, on September 15, 2024 following a shooting incident at former US president Donald Trump's golf course.

WASHINGTON — FBI arete pitit gason nonm yo sispèk ki te patisipe nan tantativ asasina sou ansyen Prezidan Donald Trump nan Eta Florid la, paske li te posede foto ki montre abi seksyèl sou timoun.

Nan dokiman tribinal yo ton ofisyèl FBI di Oran Routh te jwenn arestasyon l semènn sa a apre otorite yo te fouye kay li nan Greensboro, nan Kawolin di Nò, " nan kad ankèt ki pa t gen anyen pou wè ak eksplwatasyon timoun ".

Anketè yo te sezi plizyè aparèy elektwonik e yo te jwenn plizyè santèn done elektronik ki gen rapò ak abi seksyèl sou timoun.

Yo akize mesye Routh paske li posede epi resevwa pònografi timoun.

Dokiman tribinal pa montre Oran Routh gen avoka pou ki vin defann li.

Ajans jounal AP te eseye antre an kontak ak fanmi Oran Routh, men pa gen repons.

XS
SM
MD
LG