Accessibility links

Breaking News

Trump Mande pou Ladwàn Aplike 100% Tarif sou Machin Meksiken yo


Election 2024 Trump Shooting Fallout
Election 2024 Trump Shooting Fallout

SAVANNAH, Ga. (AP) — Donald Trump pran agajman pou l anpeche konpayi ameriken yo voye travay al fèt aletranje oubyen pran travay nan faktori lòt peyi.

Li mande pou aplike tarif ladwàn sou Meksik malgre ekonomis yo bouke avèti sou ogmantasyon konsiderab pri yo ka genyen enpak sou konsomatè lokal yo.

Ansyen prezidan an te dekri yon pakèt pwopozisyon ekonomik pandan yon diskou li te fè madi nan eta Georgia, li te pwomèt pou l mete yon anbasadè espesyal pou ede atire fabrikan etranje nan peyi Etazini epi atire yo plis nan ba yo aksè ak tè federal yo.

Li te mete aksan patikilye sou fabrikasyon otomobil, li di: “Mwen vle fabrikan otomobil Alman yo vin fabrikan otomobil Ameriken. »

XS
SM
MD
LG