Accessibility links

Breaking News

Etazini Pral Depoze Yon Plent Kont Sitwayen Ki Te Tante Asasine Trump


Composición fotográfica de Ryan W. Routh
Composición fotográfica de Ryan W. Routh

WEST PALM BEACH, Fla. (AP) — Sispèk nan dosye tantativ asasina kont ansyen prezidan Trump lan te ekri yon nòt plizyè mwa anvan kote li te di li gen entansyon touye ansyen prezidan an.

Se sa dokiman Depatman Jistis la revele, yo di tou yo planifye pou yo pote plent kont sispèk pou tantativ asasina.

Jij Ryon McCabe ale sou menm liy ak Depatman Jistis la ke Routh(sipèk la) ta dwe rete fèmen nan prizon li pa ta dwe lage sou kosyon.

Nòt sa ki te adrese ak "Mond lan," te depoze nan adrès kay yon moun Ajans nouvèl AP pat rive idantifye.

Enkoni sa li menm te kontakte otorite federal yo apre arestasyon Ryan Wesley Routh dimanch pase a.

Moun nan te louvri bwat la, ki te gen ladann minisyon, yon tib metal ak lòt atik, sèlman aprè Routh jwenn arestasyon l.

XS
SM
MD
LG