Accessibility links

Breaking News

Digicel Pwomèt Pou Konpanse Kliyan li Yo A 100%


Konferans pou Laprès sou Konfli Digicel Ak Kaliko Beach
please wait

No media source currently available

0:00 0:23:21 0:00

Konferans pou Laprès sou Konfli Digicel Ak Kaliko Beach

Nan Konferans pou laprès ki te fèt jedi 19 septanm 2024 Digicel pwomèt pou ranbouse ak 100% kliyantèl li ki te afekte pa sobotaj ki te fèt sou fil "optic" ki soti nan lanmè a ki pèmèt li bay sèvis nan peyi a.

Konfli sa ki mete konpayi mobil Digicel la dozado ak repsonsab otèl Kaliko Beach, gen yon gwo enpak sou pèp ayisyen an, akoz yo depann de plizyè sèvis ke konpayi an ofri pou yo mennen aktivite yo.

Direktè Digicel la Jean Philippe Brun te pale ak plizyè medya sou yon ensidan sabotaj ki te fèt sou fil "Optic" ki soti anba lanmè ki pase nan yon otèl nan kapital la ki te lakoz kèk nan sèvis yo ofri konsomatè yo pa mache ak 100%, e li pwomèt pou ranbouse ak konpanse 100% konsamatè ki te achte sèvis ki pat ka itilize sèvis yo.

Li kontinye poul di depi 16 septanm nan yo kòmanse ranbouse e konpanse itilizatè sèvis li yo, e mesye Brun deklare "malgre se te yon sitiyasyon ki pa sou kontwòl Digicel " yap asire yo konpanse kliyan li yo a 100%.

Sabotaj

Nan konferans sila mesye Jean Philippe Brun eksplike ke sabotaj la pa selman afekte Digicel, li afekte tou lòt konpayi tankou "Natcom Access Haiti" ... e li presize ke kab optic la se pa pwopriyete Digicel li ye men pito se pwopriyete Cable and Wireless ki pote sèvis kab optik la pou yo.

Direktè a pwomèt pou pran lòt mezi pou anpeche sitiyasyon konsa pa rive ankò tankou ajoute yon 3yème mwanyen pou pèmèt sèvis yo fonksyone pi byen si yon bagay konsa ta rive ankò.

XS
SM
MD
LG