Accessibility links

Breaking News

Boeing di l ap Konsidere Revoke Kèk Anplaye Pou Li ka Ekonomize Lajan Pandan Grèv Travayè yo

A Boeing worker wears a mask with a digital 'strike' sign as employees picket after union members voted overwhelmingly to reject a contract offer and go on strike Sept. 13, 2024, outside the company's factory in Renton, Wash.

SEATTLE (AP) — Boeing di ke li ap konsidere revokasyon tanporè kèk anplaye pou li ka ekonomize lajan pandan grèv machinis yo.

Konpayi an te di anplwaye yo Lendi ke li pral jele anbochaj yo, redwi vwayaj ak redwi depans founisè yo.

Ofisye Chèf Finansye a Brian West di ke konpayi an ap konsidere pou l fè yon bagay ki se yon "etap difisil pou yo kote yo pral pwovizwaman revoke anpil anplwaye, manadjè ak ekzekitif nan semèn kap vini yo".

Apeprè 33,000 travayè ki reprezante pa Asosyasyon Entènasyonal Machinis ak Travayè Aerospace te kòmanse yon grèv byen Vandredi.

Sitiyasyon sa rive la tapre travayè yo te rejte yon òf ak ogmantasyon salè 25% sou 4 ane.

Reprezantan konpayi an ak sendika pwograme pou rankontre Madi ak medyatè federal yo.

XS
SM
MD
LG