Accessibility links

Breaking News

Lidè Mondyal yo Kondane Tantativ Asasina ki Sible Ex-Prezidan Trump


Election 2024 Trump
Election 2024 Trump

Lidè Mondyal yo kondane tantativ asasina ki vize ansyen Prezidan Etazini Donald Trump.

Lidè mondyal yo eksprime kè sote yo Dimanch apre tantativ asasina ki te vize ansyen Prezidan Ameriken Donald Trump pandan yon miting politik nan eta Pènsilvani ki te lakoz yon moun mouri epi 2 lot blese grav.

Kanpay Trump la di prezime kandida a la prezidans pati Repibliken an "byen" apre tantativ la kote yon bal raze zorèy dwat li.

Sèvis Sekrè a di li touye sispèk la, ki atake Trump depi twa yon bilding tou pre zon kote miting lan tap dewoule a.

Otorite Ameriken yo ap mennen ankèt sou ensidan an.

Ostrali

Premye Minis Ostralyen Anthony Albanese kondane atak la kom "inekskizab" kont prensip demokratik Etazini ak Ostrali pataje.

Albanese di: "An Ostrali, menm jan ak Ozetazini, espri ak objektif demokrasi nou yo se pou nou ka eksprime opinyon nou, fè deba sou dezako nou epi rezoud diferans nou yo nan lapè."

Otrich

Chanselye Otrichyen Karl Nehammer deklare sou X li degoute pa tantativ la.

"Zak vyolans politi pa gen okenn plas nan sosyete nou!" li deklare.

Brezil

Prezidan Brezilyen Luis Inacio Lula da Silva deklare sou rezo X ke ensidan an inakseptab e ke fok tout defansè demokrasi "rejte li ak fos".

Predesesè li, Jair Bolsonaro, ki se yon alye pwoch Trump voye solidarite li bay "pi gran lidè mondyal nan moman an." Nap raple ke Bolsonaro te pran yon kou kouto nan vant pandan li tap mennen kanpay anvan eleksyon prezidansyèl 2018 la, kote li te gen anpil chans pou l ranpote la viktwa.

Trump di jounalis yo se yon ti kras santimèt sèlman ki sove lavi l. "Fok nou konprann sa se yon bagay ki vini de syèl la" li te ajoute.

Canada

PM Kanadyen Justin Trudeau deklare li degoute pa fiziyad la e ke panse li ak Trump ak tout Ameriken ki te asiste evenman an.

"Nou paka di l two souvan - zak vyolans politik pa janm akseptab" Trudeau ekri sou rezo X.

Lachin

Ministè Afè Etranjè Chinwa a pibliye yon deklarasyon kote li di Lachin gen kè sote pou atak la e ka Prezidan Xi Jinping deja voye senpati li bay Trump.

Repiblik Tchèk

Prezidan Petr Pavel di li espere Trump va rekipere rapibman e ke "pa gen okenn plas pou vyolans nan yon sosyete demokratik," li ajoute ke fok politisyen yo eseye kalme sityasyon an.

Ejipt

Prezidan Ejipsyen Abdel Fattah El Sissi souliyen kondanasyon peyi li pou atak la nan yon deklarasyon li pibliye epi swete pou kanpay elektoral Ameriken yo reprann nan lapè.

La Frans

Prezidan Franse Emmanuel Macron voye meyè swè li bay Trump pou yon rekiperasyon rapid. "Se yon dram pou demokrasi nou yo. La Frans pataje endiyasyon pèp Ameriken an," Macron deklare sou rezo X.

Almay

Chanselye Alman Olaf Scholz ekri sou X ke li "deboutan" ke zak vyolan konsa menase demokrasi. "Mwen pataje konpasyon mwen ak lot moun ki te blese nan atak la," li ekri.

La Ongri

Premye Minis Viktor Orban deklare panse li ak priyè li ak Trump nan "hè sonb sa yo".

End

Premye Minis Narendra Modi di li gen gwo kè sote pou "atak kont zanmi mwen. Mwen kondane ensidan an. Vyolans pa gen okenn plas nan politik ak demokrasi," li ekri sou rezo X.

Irak

Premye Minis rejyon Kurd Irak la, Masrour Barzani kondane atak la "sevèman" e li fè konnen sou rezo X ke panse li ak viktim "zak teworis sa a ki pa fè sans."

Izrayèl

Nan komansman rankont Kabinè a nan Jeruzalèm, Premye Minis Benjamin Netanyahu deklare li gade ak "orè" e ke atak la sete an menm tan yon "tantativ asasina kont demokrasi Amerikèn nan."

Li ajoute ke tout moun nan peyi Izrayèl tap voye swè bay Trump pou yon rekiperasyon rapid e pou l tounen ak tout fos li."

Itali

Prezidan Italyen Sergio Mattarella deklare nan yon kominike ke atak la bay rezon pou gwo kè sote e ke se yon "sentom preyokipan sou deteryorasyon sivilite ak yon refi danjere pou konfwontasyon, diyalog ak respè pou vi demokratik la."

Pandansetan, PM Giorgia Meloni swete Trump yo rekiperasyon rapid.

Japon

PM Fumio Kishida deklare sou rezo X: "Fok nou kanpe fèm kont tout kalite vyolans ki menase demokrasi nou."

Meksik

Prezidan Andres Manuel Lopez Obrador denonse atak la sou X epi di "vyolans pa fè sans e li inimen."

Pakistan

PM Shehbaz Sharif deklare fiziyad la se yon "devlopman chokan" e li kondane tout vyolans nan politik epi swete ansyen prezidan an yon rekiperasyon rapid ak bon sante.

Lidè opozisyon Pakistanè Imran Khan ki se ex-premye minis la e ki fèmen nan prizon swete Trump yon rekiperasyon konplè. Khan te blese pa bal pandan yon miting politik nan mwad NOvanm 2022.

Misye di: "Zak vyolans politik se yon zouti pou lach e li pa gen okenn plas nan yon demokrasi."

Larisi

Prezidan Vladimir Putin pa gen okenn plan pou kounyea pou l rele Trump dapre sa pot pawol Kremlen an, Dmitry Peskov fè konnen.

"Nou pa kwè ditou ke tantativ pou elimine kandida prezidansyèl Trump se yon bagay ke gouvènman aktyèl (Etazini) oganize, men atmosfè administrasyon sa a kreye pandan lit politik la, atmosfè ki antoure Trump pwovoke sa Etazini ap viv jodia," li ajoute.

Afrik di Sid

Prezidan Cyril Ramaphosa ekri sou X ke tantativ asasina kont Trump la se yon "rapèl sou danje ekstremis politik ak entolerans poze."

Ramaphosa eksprime espwa tou ke "sitwayen ak lidè Ameriken yo ap gen fotitid ak sajès pou rejte vyolans epi chache solisyon pasifik.

Slovaki

Prezidan Robert Fico, ki siviv yon tantativ asasina nan mwad Me a kondane fiziyad la nan yon deklarasyon li pibliye sou Facebook. Li trase paralèl dirèk ant 2 ensidan yo epi sigjere atak kont Trump la se rezilta kanpay opozan politik li yo.

Taiwan

Prezidan Lai Ching-te deklare sou X panse li ak lapriyè li ak Trump. Li ajoute zak vyolans politik nan tout fom pa janm akseptab "nan demokrasi nou yo."

La Tiki

Prezidan Recep Tayyi Erdogan kondane fiziyad la sou epi ofri bon swè li bay Trump, fanmi misye ak patizan li yo.

Li di li kwè ankèt sou atak la ap dewoule yon fason efikas pou l pa minnen eleksyon Etazini yo.

Komisyon Inyon Ewopeyen

Prezidan Ursula von der Leyen deklare sou X li te choke anpil pa fiziyad la epi ajoute zak vyolans politik pa gen okenn plas nan demokrasi.

Ikrèn

Sou X, Prezidan Volodymyr Zelenskyy deklare li degoute pa fiziyad la e ke vyolans konsa pa gen okenn jistifikasyon. Li ajoute li soulaje tande Trump sen e sof.

Emira Arab Ini

Ministè Afè Etranjè UAE kondane atak kont Trump la, ke li dekri tankou yon "zak kriminèl e ektremis".

Wayom Ini

PM Britanik Keir Starmer deklare sou X li "konstène" pa sèn chokan yo e li voye meyè ve li bay Trump ak fanmi li.

Vatikan

Nan yon deklarasyon, Vatikan an eksprime kè sote li pou "epizod vyolan ki dewoule yè swa a, ki blese moun ak demokrasi epi koze soufrans ak lanmo." Pap Franswa pa mansyone tantativ asasina a nan lapriyè li fè chak semèn.

XS
SM
MD
LG