Accessibility links

Breaking News

Reprezantan Taiwan nan Washington di VOA Peyi li Espere Kontinye Gen Relasyon Sere ak Ayiti


Reprezantan Taiwan nan Washington, Alexander Tah-Ray Yui nan yon entevyou ak VOA nan Washington.
Reprezantan Taiwan nan Washington, Alexander Tah-Ray Yui nan yon entevyou ak VOA nan Washington.

Nan yon entevyou ak VOA, Reprezantan Taiwan nan Washington, Alexander Tah-Ray Yui deklare relasyon ant peyi li ak Ayiti rete djanm e ke malgre tibilans Ayiti konstate pandan mwa ki pase yo Taiwan kenbe la fem:

" Ant parantèz anbasad nou, misyon teknik nou pa janm kite Ayiti malgre tout tibilans, kriz ak dezod ki te genyen. Anbasadè nou ak anplwaye anbasad la rete an Ayiti. Yo kenbe la fèm pou kontinye apiye pèp Ayisyen an."

Reprezantan an di li pa atann ni aske nominasyon nouvo gouvènman pwovizwa a chanje relasyon sere-sere 2 peyi yo pataje.

"M'espere Ayiti ap kapab retabli lod lakay li pi vit posib paske gen anpil pwojè ke nou anvizaje ke nou oblije pa lanse akoz enstabilite a - nou gen de bèl pwojè nan domèn kiltirèl, elektrisite, dlo, ki pral pote gwo benefis pou popilasyon an."

Anbasade Taiwan nan peyi d Ayiti, Wen-Jiann Ku, te rankontre Minis Defans Ayisyen an Jean Marc Berthier Antoine pou diskite sou kowoperasyon bilateral nan domèn defans la, 4 Jiye, 2024.
Anbasade Taiwan nan peyi d Ayiti, Wen-Jiann Ku, te rankontre Minis Defans Ayisyen an Jean Marc Berthier Antoine pou diskite sou kowoperasyon bilateral nan domèn defans la, 4 Jiye, 2024.

4 Jiye pase a, Anbasade Taiwan nan Wen-Jiann Ku te rankontre Ministe Defans Ayisyen an Jean Marc Berthier Antoine pou diskite sou kowoperasyon bilateral nan domèn defans la. Dapre nouvèl yo responsab yo te diskite sou fomasyon pou solda Ayisyen yo. Se premye fwa lame Ayiti diskite sou posibilite pou l ta kowopere ak Taiwan depi demobilizasyon fos la an 1994.

Nap raple ke Ayiti ak Taiwan te tabli relasyon diplomatik an 1956.

Nan le pase, plizyè prezidan Taiwanè vizite Ayiti.

Reprezantan Taiwan nan di VOA jefo Lachin ap fè pou lolo peyi nan Karayib la se yon bagay peyi li ap suiv epi eseye kontrekare.

" Se yon fason pou Peken asire konpayi nasyonal yo rete aktiv epi fè lajan epi bay moun travay, men yo pa enterese nan sak rive peyi sa yo ( a lon tèm) paske yo pa vreman bezwen gwo enfrastrikti sa yo ansanm ak po etsetera. Donk yap kreye yon pakèt dega nan peyi sa yo paske yo epate yo ak asistans yap ofri a. Nan komansman yo pote anpil aktivite ekonomik men peyi yo peye sa chè - e yap fè sa non sèlman nan Karayib la men tou an Afrik ak Azi."

Reprezantan an di Taiwan limenm, menm jan ak Etazini ak Ewop chwazi pito pou bay peyi nan Karayib la asistans nan domèn kote yo vreman bezwen li, tankou pa egzanp edikasyon, teknoloji ak agrikilti.

Lachin reklame Taiwan kom teritwa pa li e li boude relasyon zile a genyen ak Karayib la.

Ayiti fè komès ak tou le 2 peyi yo.

Pandan yon rankont Konsey Sekirite Nasyonzuni an 5 Jiyè nan Nouyok, Anbasadè Chinwa a te felisite Premye Minis Garry Conille pou pwogrè ki fèt pou rezoud kriz yo nan semèn ki pase yo men li kritike Etazini pou pakèt zam li kite soti lakay li pou al Ayiti kote yo tonbe nan men gang ame kap chache pran kontwol peyi a.

Reprezantan Taiwanè Alexander Tah Ray-Yui te pale ak kolèg nou Elizabeth Lee.

XS
SM
MD
LG