Accessibility links

Breaking News

Frans: Ansyen Prezidan François Hollande Eli Depite


FILE - French president Francois Hollande picks up ballots before voting in the first round of the presidential election in Tulle, central France, Apr. 23, 2017.
FILE - French president Francois Hollande picks up ballots before voting in the first round of the presidential election in Tulle, central France, Apr. 23, 2017.

Ansyen prezidan sosyalis François Hollande retounen nan politik, kote li pase nan eleksyon dimanch pou li retounen depite pou Corrèze nan sid-wès Lafrans, anba banyè alyans goch Nouvo Fwon Popilè a, apre eleksyon lejislatif ki sot dewoule an Frans.

7 ane apre li te kite Elysée a apre Emmanuel Macron te eli prezidan, ansyen chèf leta a (2012-2017), ki gen 69 lane, soti venkè (ak 43% vwa pandan responsab eleksyon yo pako fin konte bilten yo). Se yon kous ant 3 kandida, kote li bat byen lwen kandida ekstrèm dwat la ak kandida dwat konsèvatè a.

Li te fini premye nan premye tou a ak 37.6% vwa.

XS
SM
MD
LG