Accessibility links

Breaking News

Lajistis Akize Bolsonaro pou swadizan Blanchiman Lajan poutèt Dyaman ke li pa Deklare ki Soti Arabi Saoudit


FILE PHOTO: Brazil's former President Jair Bolsonaro attends an event at the Municipal Theatre in Sao Paulo
FILE PHOTO: Brazil's former President Jair Bolsonaro attends an event at the Municipal Theatre in Sao Paulo

SAO PAULO (AP) – Yon lòt fwa ankò ansyen prezidan brezilyen Jair Bolsonaro tonbe anba akizasyon lajistis, fwa sa se pou blanchiman lajan ak asosyasyon kriminèl ki gen rapò avèk dyaman ke li pat deklare ki soti nan peyi Arabi Saoudit.

Sa fè dezyèm fwa lidè ekstrèm dwat la tonbe ofisyèlman anba akizasyon lajistis pandan ka gen lòt ki dèyè toujou.

2 sous ki konnen dosye sila konfime akizasyon Jedi a ki soti nan Lapolis Federal. Nan mwa Me pase te genyen yon lòt akizasyon ofisyèl kont Bolsonaro kòmkwa li te swadizan fè fo sètifika vaksinasyon COVID-19.

Tou 2 otorite yo pale sou kondisyon pou non yo pa site paske yo pa gen otorizasyon pale an piblik sou dosye sila.

Tribinal Siprèm Brezil la poko resevwa rapò lapolis la ak dènye akizasyon an, ki fè yon gwo diferans nan menas legal ki devan ansyen prezidan an ki divize peyi a.

XS
SM
MD
LG