Accessibility links

Breaking News

Sunrise Airways Anonse Lap Reprann Vòl ant Ayiti ak Kiba


Pasaje tann devan kontwa Sunrise Airways nan ayewopò Toussaint Louverture la nan Pòtoprens, Ayiti, Lendi 20 Me, 2024.
Pasaje tann devan kontwa Sunrise Airways nan ayewopò Toussaint Louverture la nan Pòtoprens, Ayiti, Lendi 20 Me, 2024.

Konpayi ayeryen Ayisyen Sunrise Airways anonse lap reprann vòl ant Pòtoprens ak Kiba apati 15 Jiye.

Nan yon kominike li voye bay VOA Sunrise di ap gen vòl nan direksyon Santiago, Camaguey epi Holguin.

Pi presizeman, vòl Pòtoprens-Santiago ap fet chak Lendi. Vòl Pòtoprens Camaguey ap fet chak Madi epi vòl Pòtoprens Holguin yo ap fet chak Mekredi. Chak vòl ap gen 50 syej disponib.

Yon lòt kote, Sunrise di ak vòl Air Caraibes ki reprann yo, patenarya li ak konpayi sa a ap pemet pasaje vwayaje al Paris depi swa vil Okay oubyen Kap Ayisyen.

Savledi apati 15 Jiye, Sunrise Airways ap preske finn reprann tout operasyon li yo. Sel vòl ki poko reprann pou kounyea se vòl a destinasyon Sen Domeng yo.

Nap raple ke ayewopò Toussaint Louverture Pòtoprens la te relouvri pòt li 20 Me apre li te pase 3 mwa femen (swa depi mwad Mas la) akoz zak vyolans gang ame yo nan zòn nan.

XS
SM
MD
LG