Accessibility links

Breaking News

Conille di LONU Debakman Polisye Kenyan yo an Ayiti se yon 'Etap Esansyèl'


Premye Minis Garry Conille pran la pawol pandan yon rankont Konsey Sekirite Nasyonzuni sou ensekirite an Ayiti nan Nouyok, 3 Jiye, 2024.
Premye Minis Garry Conille pran la pawol pandan yon rankont Konsey Sekirite Nasyonzuni sou ensekirite an Ayiti nan Nouyok, 3 Jiye, 2024.

Premye Minis Gary Conille pwononse yon diskou devan Konsèy Sekirite Nasyonzuni an kote li bay detay sou sityasyon Ayiti ak travay gouvènman li an ap fè pou rezoud kriz kap trakase Ayiti depi lontan.

Conille di debakman premye kontenjan polisye Kenyan yo an Ayiti make yon etap esansyèl nan pwosesis pou retabli sekirite an Ayiti.

Conille eksprime konfyans ak optimism vizavi pwogrè ki deja fèt, an menm tan ke li detaye gravite sityasyon aktyèl peyi a.

"Ayiti rive nan yon pwen kritik kote 12,000 endividi kenbe yon popilasyon 12 milyon moun an otaj."

Yon kontenjan 200 polisye Kenyan rive Ayiti semen pase a nan kad misyon sipò sekirite pou Ayiti a kote yo pral ede fòs polis nasyonal la konbat gang ki prèske finn pran kontwòl kapital la nèt. Met sou sa yo rann pi grav yon kriz imanite ki lakoz 600 mil moun oblije kouri kite kay yo epi 5 milyon moun ap fè fas ak ensekirite alimantè grav.

Delegasyon Ayiti nan rankont la te enkli Minis Afè Etranjè a Dominique Dupuy.

Reprezantan kèk pami peyi manm Konsèy la te pran la pawol.

Anbasadris Etazini Linda Thomas-Greenfield te fe chita tande ak Conille apa, kote yo te diskite sou manda BINUH (Biwo Entegre Nasyonzuni pou Ayiti) kap pran fen nan fen mwad Jiye a, angajman Etazini pou l kontinye sipòte misyon sekirite pou Ayiti a epi jefò Ameriken ap fè pou apiye rejim sanksyon ki vize egzije moun ki responsab pou zak vyolans yo pran responsabilite.

"Pèp Ayisyen an merite an fen pou viv an pè - pou al travay lekòl oubyen legliz san menas zak vyolans. "

Anbasade Larisi, ki okipe plas prezidans Konsèy la mwa sa a kritike Etazini pou pakèt zam kap soti lakay li nan bato ak ti avyon pou ame gang yo.

Minis Afè Etranje Repiblik Dominikèn an, Roberto Alvarez te prezan tou. Nan deklarasyon pa li misye di se responsabilite pèp Ayisyen an ak Lidè li pou yo jere sityasyon Ayiti.

Li felisite tou jefò kominote entènasyonal la fè pou ede Ayiti soti nan kriz la. Li ajoute Ayiti "sou bon chimen an".

Anvwaye adjwen Kenya nan LONU, Njambi Kinyungu te pran la pawòl tou kote li di premye kontenjan polisye peyi li resevwa yon akèy chalere an Ayiti e ke yo deja tanmen operasyon ak polis nasyonal Ayiti.

Rankont LONU an ap dewoule apre rankont Premye Minis Conille ak Minis Afè Etranjè Dupuy te genyen ak Sekretè d Eta Antony Blinken nan Washington, yè Madi a.

Kek enfòmasyon pou repòtaj sa a soti nan ajans nouvel Reuters, korespondan VOA nan Nasyonzuni, Margaret Besheer kontribye a repotaj sa a.

XS
SM
MD
LG