Accessibility links

Breaking News

Demokrat yo nan Kongrè a Gen 2 Pye yo nan yon Sèl Soulye: Deba pou yo swa Sipòte Biden pou Prezidan oswa Fè Konnen Gen Danje nan Kan yo


FILE PHOTO: U.S. President Joe Biden receives a briefing from federal officials on extreme weather at the D.C. Emergency Operations Center in Washington
FILE PHOTO: U.S. President Joe Biden receives a briefing from federal officials on extreme weather at the D.C. Emergency Operations Center in Washington

WASHINGTON (AP) — Pèfòmans dezas Prezidan Joe Biden nan deba kont ansyen prezidan Trump semèn pase kreye gwo panik andan Pati Demokrat la.

Li fòse plizyè palmantè chache konprann yon kriz ki ka rive pi lwen pase rezilta eleksyon prezidansyèl yo.

Prezidan Demokrat la bay siyal ke li pa gen entansyon abandone kous la kont Repibliken Donald Trump, malgre ke pèfòmans bankal li nan deba semèn pase a pouse anpil moun poze kesyon sou laj li ak kapasite pou li jere yon dezyèm manda kòm prezidan.

Kèk Demokrat nan Kongrè a ap fè tande enkyetid yo sou kapasite Biden pou li montre votè yo ke li anfòm pou fè travay la.

Gen lòt andan pati a ki kanpe fèm san gade dèyè pou sipòte prezidan an ki gen 81 ane.

XS
SM
MD
LG