Accessibility links

Breaking News

Biwo Komisè Gouvènman Manhattan nan Sanble Ka Dakò Pou Retade Santans Kont Trump la nan New York Apre Desizyon Kou Siprèm lan


FILE PHOTO: Former U.S. President Trump's criminal trial on charges of falsifying business records, in New York
FILE PHOTO: Former U.S. President Trump's criminal trial on charges of falsifying business records, in New York

Biwo komisè gouvènman Manhattan nan di ke li rete ak espri ouvè madi pou ranvwaye santans Trump ke li te sipoze bay nan dat 11 Jiyè nan kad pwosè kriminèl kote yo te jwenn li koupab nan New York, deske li ta peye anba tab yon vedèt porno pou achte silans li anvan eleksyon 2016 la.

Avoka Trump yo fè demann sila yon jou apre yon desizyon te soti nan Tribinal Kou Siprèm Etazini an pou di ke yon ansyen prezidan gen iminite pou aksyon ofisyèl li, kidonk lajistis paka pouswiv li pou yo.

Si jij Juan Merchan, ki pral gen dènye mo a, deside ranvwaye dat santans lan, sa vle di ke sa ka fèt apre konvansyon Repibliken an, ki pwograme pou fèt 15 pou rive 18 Jiyè nan Milwaukee nan eta Wisconsin, kote yo dwe inogire Donald Trump ofisyèlman kòm kandida prezidansyèl pati a.

Kèk èdtan apre desizyon Tribinal Siprèm lan, avoka Donald Trump yo te ekri jij la lendi pou mande li anile vèdik istorik ki te jwenn ansyen prezidan Etazini an koupab pou 34 krim kote li ta defòme kèk chif nan liv kontablite konpayi li pou kache 130 000 dola ke li ta peye aktris fim pònografi Stormy Daniels nan fen kanpay prezidansyèl li an 2016.

Se jij la ki pwal gen dènye mo a, apre li te rejte teyori kan Trump la ki te di ke ansyen prezidan an gen iminite akoz li te prezidan ant 2017 ak 2021.

Biwo jij la di "Malgre nou kwè ke pawòl ke akize a mete devan nou an pa fonde, nou pa kont demann li a" pou "ranvwaye dat pou nou bay santans lan".

Pakè a di tou li ap bay avoka Trump yo yon delè 24 Jiyè pou yo soumèt demann yo a ofisyèlman.

Kèk nan reyalite ke yo te egzamine pandan jijman an te rive lè Donald Trump te kandida pou prezidan e konsa pa te ka gen iminite pou pwoteje yo.

Ansyen avoka Donald Trump, Michael Cohen, te peye aktris la nan fen kanpay 2016 la. Men tribinal la te jije Donald Trump pou konbinezon li ta fè nan liv kontablite konpayi li yo pou kache lajan ke li te peye pou ranbouse Cohen kòb li te bay Stormy pou Trump, e konbinezon sa yo te fèt an 2017 lè Trump te nan Mezon Blanch.

"Pandan jijman an ak diskisyon final li yo, lajistis te ensiste sou prèv ki soti nan dokiman ofisyèl, tankou temwayaj sou aktivite ki te fèt nan Biwo Oval la ... ansanm ak piblikasyon ki te fèt sou rezo sosyal yo (sou kont Donald Trump kòm prezidan) ak dosye apèl nan telefòn ki enplike Donald Trump lè li te prezidan an 2017 ».

Donald Trump, premye ansyen prezidan Ameriken ke yon jiri jwenn koupab, teyorikman ap fè fas ak jiska 4 ane prizon.

Men, Jij Juan Merchan ka chwazi tou pou ba li yon lòt santans olye de prizon, tankou yon pwobasyon, kidonk yo ka ba li yon tan kote pou yo swiv konpòtman li.

Antouka, kandida Repibliken an pral kapab fè apèl ak santans la, e pandan tan sa, tribinal ka sispann santans li a anvan eleksyon prezidansyèl 5 novanm lan.

XS
SM
MD
LG