Accessibility links

Breaking News

Bardella ki Gen Selman 28 an kapab vin premye minis fransè ki pi Jèn nan Istwa Lafrans


France Election
France Election

NICE, Frans (AP) — Jordan Bardella ki gen selman 28 ane ede pati Rasanbleman Nasyonal la ki nan ekstrèm dwat tounen pi gwo fòs nan politik an Frans.

Epi kounyeya li kapab vin premye minis pi jèn ke peyi a janm konnen.

Votè yo bay platfòm Rasanbleman Nasyonal Marine Le Pen nan yon gwo avantaj nan premye tou eleksyon lejislatif yo dimanch la.

E kounye a, Bardella ap rasanble patizan yo pou bay pati yo a yon majorite absoli nan dezyèm tou eleksyon ki gen pou fèt 7 Jiyè kap vini a.

Sa pwal pèmèt pati nasyonalis la ki kont imigrasyon, dirije gouvènman an, ak Bardella nan tèt li.

XS
SM
MD
LG