Accessibility links

Breaking News

Etazini Elimine nan Copa America ak yon Defèt devan Irigwe ki bat li 1-0


Soccer: Copa America-USA vs Uruguay
Soccer: Copa America-USA vs Uruguay

KANSAS CITY, Mo. (AP) — Etazini elimine nan Copa America ak yon defèt 0 a 1 devan Irigwe sou yon gòl Mathías Olivera nan dezyèm mitan.

Defèt ekip ameriken an pral ogmante presyon sou federasyon foutbòl ameriken an pou l rekove antrenè Gregg Berhalter anvan koup du mond 2026 la.

Irigwe fè gòl li a sou yon aksyon Nicolas De La Cruz ki choute yon kou fran devan gòl ameriken an.

Ronald Araújo fè yon tèt e boul la repondi pou al jwenn Mathias Olivera ki l tape li ak pye gòch li.

Te gen gwo dout sou gòl la akoz Olivera te parèt nan pozisyon òje lè Araujo te fè premye tèt la.

XS
SM
MD
LG