Accessibility links

Breaking News

Alye Trump Steve Bannon Gen pou Ale nan Prizon Federal pou l sèvi yon Santans 4 Mwa


FILE — Steve Bannon, center, appears in Manhattan Supreme Court, in New York, May 25, 2023.
FILE — Steve Bannon, center, appears in Manhattan Supreme Court, in New York, May 25, 2023.

WASHINGTON (AP) — Steve Bannon, alye Trump depi lontan, gen pou l ale nan yon prizon federal nan eta Connecticut pou l sèvi yon santans 4 mwa prizon anba akizasyon ke li te meprize konvokasyon Kongrè ameriken an pou l te vin temwaye nan kad yon ankèt sou atak ki te fèt sou Kapitòl Etazini an.

Yon jij te pèmèt Bannon rete an libète pandan prèske dezan pandan li t ap tann yon kou dapèl pran desizyon sou santans Kongrè a, men menm jij Kou dapèl la te bay lòd pou l ale nan prizon lendi apre konfimasyon ke li te meprize konvokasyon Kongrè a.

Tribinal Siprèm lan rejte apèl ke li te lanse ann ijans pou bloke santans lan. Apèl Bannon nan ap kontinye, epi lidè Repibliken yo nan Chanm Depite a kanpe dèyè li pou yo ensiste ke kreyasyon komisyon 6 Janvye a pa te fèt kòmsadwa.

XS
SM
MD
LG