Accessibility links

Breaking News

Biden, Trump Lanse Pawòl Piman Bouk Youn Kont Lòt nan Premye Deba Prezidansyèl 2024 la


Election 2024 Debate
Election 2024 Debate

Prezidan Joe Biden ak ansyen Prezidan Donald Trump goumen depi komansman deba yo Jedi swa. Yo fè kont sou ekonomi Etazini, zafè etranje, dwa pou medam yo jete pitit epi migrasyon sou fwontyè Meksik.

"Nou tankou yon peyi Tyè Mond e se yon wont," Trump deklare pandan deba televize a ki te dewoule nan katye jeneral CNN nan vil Atlanta.

"Moun pa respekte nou ankò," Trump di e li blame Biden pou sa. "Yo kwè nou sòt."

Biden reponn pandan li tap gade Trump nan je: "Misye se pi move prezidan nan liswa Etazini. Nèg sa a pa gen okenn sans demokrasi Ameriken."

Konfwontasyon Biden-Trump la, ki dewoule 4 mwa anvan eleksyon 5 Novanm nan, se deba ki dewoule pi bonè nan sik prezidansyèl Ameriken an. Li te tèt koupe tou ak 2 deba yo te fè an 2020, 2 mwa sèlman anvan Biden te bloke tantativ Trump tap fè pou l re-eli pou yon dezyèm manda.

Deba Jedi a se premye fwa 2 prezidan Ameriken janm fè deba youn kont lòt e sete premye fwa, ke Biden ak Trump te paret nan menm sal la depi dènye fwa yo te fè deba nan mwad Oktòb 2020.

Trump pat asiste seremoni envestiti Biden nan nan mwad Janvye 2021, e youn ap kwape lòt la depi lè a.

Biden di Trump: 'Ou gen menm moral ak chat mawon'
Biden di Trump: 'Ou gen menm moral ak chat mawon'

Nan jou ki pase yo, Trump te pase Biden nan betiz pou fason li tap prepare pou deba a epi sigjere li tapral bezwen pran medikaman pou byen jere deba fas-a-fas la ki dire 90 minit. Trump di yon foul patizan nan vil Filadelfi "Kounyela a bandi Joe al nan yon kayout pou l etidye. Apre sa li te fè yon mouvman ak men li ki vle di swadizan. Li ajoute: "Misye ap domi kounyea paske yo vle pou l pran fòs epi anfòm.

Trump ap di depi lontan ke Biden paka pale byen. Pi resaman, Trump ap pare patizan li yo pou posibilite pou Biden ta pi fomidab pase jan Trump fè kwè li ye.

Misye te di pandan yon entèvyou: "Mwen sipoze li se yon moun ki gen valè pou fè deba avè l. Mwen pa vle souzestime misye."

Nan Deba Prezidansyèl la Biden akize Trump deske li 'egzajere' epi 'bay manti' sou imigrasyon
Nan Deba Prezidansyèl la Biden akize Trump deske li 'egzajere' epi 'bay manti' sou imigrasyon

Bò kote pa li nan mitan mwad Me a, tou jis anvan deba Jedi a, Biden te di "Donald Trump pèdi 2 deba devanm an 2020. Depi lè a li pa menm reponn prezan. Trump te bay plizyè deba ak opozan Repibliken yo vag pandan pwosesis pati Repibliken an pou chwazi yon kandida prezidansyèl.

Biden di: "Kounyela a misye ap fè konprann li vle fè deba avè m ankò. Oke eben ann ale frè m."

Pat gen okenn spektatè nan studyo a e se kèk konseye sèlman ki te akonpaye 2 kandida yo. Premyè dam Jill Biden te nan studyo a. Madanm Trump, Melania pat prezan, men kèk Repibliken ki ta renmen pou Trump chwazi yo kòm vis prezidan yo te reponn prezan.

Kandida sa yo pou eleksyon 2024 la, se prezidan pi granmoun nan listwa Etazini. Biden, ki se yon Demokrat gen 81 an, epi Trump ki se Republiken an gen 78 an. Yo gen opinyon konplètman diferan sou kijan Etazini dwe gouvène apati Janvye 2025. Yo pa dakò non plis sou wòl peyi a dwe jwe antanke sipèpuisans militè anski konsène zafè etranje. Biden mande pou Etazini kore relasyon sere -sere li genyen ak alye Ewopeyen yo, tandiske Trump kwè Etazini ta dwe panse a limenm an premye.

Trump di Biden - Lagè Ikrèn nan patap janm fèt si Etazini te gen yon 'lidè'
Trump di Biden - Lagè Ikrèn nan patap janm fèt si Etazini te gen yon 'lidè'

Konfli Larisi ak Ikren

Biden pote kole ak alye Oksidantal yo pou apiye Ikrèn nan lit li kont envazyon Larisi ki te tanmen an 2022. Trump limenm eksprime dout sou sipò Etazini kontinye bay fòs Kyèv yo e li di li ta rezoud vit e prese konfli a san li pa di kijan li ta akonpli l.

🇺🇸🗞Deklarasyon Trump nan Deba Prezidansyèl la Trump di Biden 'fin tounen yon Palestinyen' - nan yon echanj piman bouk sou konfli Izrayelo-Hamas la
🇺🇸🗞Deklarasyon Trump nan Deba Prezidansyèl la Trump di Biden 'fin tounen yon Palestinyen' - nan yon echanj piman bouk sou konfli Izrayelo-Hamas la

Konfli Izrayel ak Hamas

Tou le 2 kandida yo mentni sipò fèm pou Izrayèl nan lagè li kont militan Hamas yo. Men Biden kritike dènyèman Premye Minis Benjamin Netanyahu pou fason li konpòte l nan Gaza epi pakèt Palestinyen ki mouri lòt bò a. Gen plis pase 37,000 sivil Palesinyen - fanm ak timoun pou pi fò - dapre Ministè Sante Gaza a. Biden ankouraje pati yo aksepte yon seselfe, tandiske Trump di Izrayèl ta dwe kouri vit "fè sa li gen pou l fè" pou kraze Hamas.

Sondaj opinyon nasyonal yo konsidere Biden ak Trump prèske egal ego pami elektè yo.

Pou elektè endepandan yo ki poko deside pou kiyès yap vote, deba a taka ede yo deside oubyen ba yo yon pi bon ide de direksyon Biden oubyen Trump pral pran ak peyi a. Yon dezyem deba fikse pou 10 Septanm.

Jounalis VOA Ken Bredemeier ekri vesyon orijinal repotaj sa a an Angle

XS
SM
MD
LG