Accessibility links

Breaking News

Jij Nevada kap travay sou Dosye Asasinay Tupac Shakur Pa Dakó pou Lage sou Kosyon Ansyen Lidè Gang Davis


APTOPIX Tupac Investigation Las Vegas
APTOPIX Tupac Investigation Las Vegas

LAS VEGAS (AP) —Ansyen lidè gang Duane "Keffe D" Davis ki malad nan zòn Los Angeles pral rete nan prizon anvan jijman li anba akisasyon ki tonbe sou dol pou asasinay ansyen lejand mizik amerikèn Tupac Shakur an 1996 nan Las Vegas.

Yon jij nan Nevada deside Mèkredi ke li pa t 'kapab detèmine si lajan kosyon pou lage Duane "Keffe D" Davis la li te fèt nan bon kondisyon - e ke yo pa gen rapò ak antant sou yon pwogram televizyon oswa pou fè yon fim.

Davis te plede non koupab pou akizasyon asasinay premye degre.

Jijman li a pwograme pou kòmanse 4 Novanm.

Davis di jij la nan yon seyans depozisyon ke li gen kansè epi li te vle depoze $750,000 kòm lajan kosyon epi pou li te ale nan “rezidans surveye” pandan li ap tann dat jijman li.

Yon lwa Nevada entèdi asasen ki anba kondanasyon pwofite de krim yo.

XS
SM
MD
LG