Accessibility links

Breaking News

Ki Premye Misyon Fòs Polis Kenya yo ann Ayiti?


Polisye Kenyan yo kanpe nan baz yo pandan vizit PM Garry Conille nan Potoprens, Ayiti, 26 Jyen 2024.
Polisye Kenyan yo kanpe nan baz yo pandan vizit PM Garry Conille nan Potoprens, Ayiti, 26 Jyen 2024.

PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) — Premye kontenjan polis etranje ki gen sipò Nasyonzini an rive ann ayiti madi 25 Jen an, prèske dezan apre Ayiti te fè demann mande yon fòs konsa ann ijans pou ede mete lòd nan dezòd apre Vyolans gang te anvayi zòn Potoprens la.

Yon kontenjan apreprè 400 polisye ki soti nan peyi Kenya te ateri sou pis aweyopò Entènasyonal Tousssaint Louverture a Madi.

Mèkredi 26 Jen 2024 la Premye Minis pwovizwa Gary Conille te vizite youn nan baz fòs la kote li di yo :

« Mwen kwè nou devan yon nouvo reyalite. Map mande pèp ayisyen an rete vijilan, rete an konfyans, nap travay ak patnè nou yo, nou gen angajman tout patnè nou yo, gen plizyè peyi ki pral vini pou sipòte nou, gen plizyè peyi ki pran angajman pou ede nou repran kontwòl peyi a, konsa nap vanse. Mwen vle pèp la kontinye pran pasyans, rete vijilan, epi n ap vanse.”

Men li pa klè imedyatman ki premye misyon ke fòs la pral genyen pou li akonpli.

Yo pral gen pou yo fè fas ak gang vyolan ki kontwole apreprè 80% kapital la, vyolans ki fòse omwen 580,000 moun nan peyi a san kite kay yo.

Sa fè katriyèm fwa yon gwo fòs militè etranje fè entèvansyon ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG