Accessibility links

Breaking News

Polisye Kenyan yo Montre Jounalis yo Baz yo nan Ayewopò Pòtoprens la


Godfrey Otunga, direkte Kenyan pou sekirite miltinasyonal ak misyon sipo a kanpe ak polisye Kenyan yo pandan yon vizit PM Garry Conille nan baz yo nan Potoprens, 26 Jyen 2024.
Godfrey Otunga, direkte Kenyan pou sekirite miltinasyonal ak misyon sipo a kanpe ak polisye Kenyan yo pandan yon vizit PM Garry Conille nan baz yo nan Potoprens, 26 Jyen 2024.

Yon jou apre yo rive Ayiti, premye kontenjan solda Kenyan ki pral dirije fòs miltinasyonal nasyonzini apiye a envite lapres nan baz yo, ki sitye nan ayeropò entenasyonal Pòtoprens la.

Plis pase 200 polisye ki te abiye an inifòm kamouflaj, kasket nan tet yo epi zam otomatik nan men yo te montre yo pare pou defi difisil ki devan yo.

Kenyan yo pral rejwenn Polis Nasyonal Ayiti pou konbat gang Ayisyen yo ki ame jouk nan dan, e ki kontwole prèske 80% kapital la, Pòtoprens.

Polisye Kenyan yo kanpe nan baz yo pandan vizit PM Garry Conille nan Potoprens, Ayiti, 26 Jyen 2024.
Polisye Kenyan yo kanpe nan baz yo pandan vizit PM Garry Conille nan Potoprens, Ayiti, 26 Jyen 2024.

Pandan yon konfernas pou laprès Madi, Premye Minis Garry Conille te deklare polisye yo pral deplwaye "nan jou kap vini yo" men li pa bay okenn detay sou kisa premye misyon yo pral ye.

Deplwaman an vini prèske 4 mwa apre gang yo te lanse atak kowòdone ki te sible enfrastrikti kle gouvènman an nan Pòtoprens ak lot vil peyi a.

Gen plis pase 2,500 moun ki mouri oubyen blese pandan premye 3 mwa ane sa a, ki se yon ogmantasyon plis pase 50% konpare ak menm peryòd la ane pase a.

Politisyen ak manm gouvenman Ayisyen an ak delegasyon Kenyan LONU apiye, poze pou yon foto nan rezidans ofisyel PM Garry Conille, 25 Jyen, 2025.
Politisyen ak manm gouvenman Ayisyen an ak delegasyon Kenyan LONU apiye, poze pou yon foto nan rezidans ofisyel PM Garry Conille, 25 Jyen, 2025.

Nan moman kontenjan polis Kenya a ap pare pou l pase a l'aksyon nan kapital la, ensidan grav pa rapò ak aktivie lapolis Kenya te pibliye nan lapres Madi, apre manifestan te fòse antre nan palman an nan Nairobi. Plizyè douzèn moun te mouri.

Komisyon Dwa Moun Nasyonal Kenya a fè konnen omwens 22 moun mouri.

Direktris komisyon an, Roseline Odede di jounalis yo ke omwens 300 lòt moun te blese epi yo arete 50 moun.

XS
SM
MD
LG