Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Zelensky Revoke yon Gwo Otorite nan Lame a


Ukrainian President Volodymyr Zelensky reacts as he hold a press statement with (L) and German Defence Minister after a visit to a military training area in Mecklenburg-Vorpommern, north-eastern Germany, on June 11, 2024, where Ukrainian soldiers are trai
Ukrainian President Volodymyr Zelensky reacts as he hold a press statement with (L) and German Defence Minister after a visit to a military training area in Mecklenburg-Vorpommern, north-eastern Germany, on June 11, 2024, where Ukrainian soldiers are trai

Prezidan peyi Ikrèn Vladimir Zelensky revoke Lendi yon gwo zotobre nan lame a ke yon lòt kòmandan te akize de enkonpetans ak abi pouvwa.

Zelensky di sou Telegram "Mwen deside ranplase chef deta majò a, Lyetnan Jeneral Yuri Sodol, e mwen mete nan plas li Jeneral Brigad Andriy Gnatov,"

Prezidan an pa presize rezon revokasyon an, men sa fèt apre kòmandan brigad Azov la te kritike li plizyè fwa.

Kòmandan sa a, Bogdan Krotevych, di lendi maten ke li te depoze plent nan sèvis sekirite Ikrenyen yo (SBU) pou mande ouvè yon ankèt sou Sodol.

Dapre medya ikrenyen, Krotevych akize Sodol kòmkwa enkonpetans li lakoz lanmò yon pakèt sòlda ikrenyen.

Lame Ikrenyen an nan difikilte depi lè li tè pran echèk nan kont-ofansif sezon ete 2023 a.

Twoup Ris yo sezi chak semèn plizyè ti bouk nan lès ak nan sid peyi a men san reyèlman fè yon pèse nan rejyon an.

Lame Ris la te lanse tou yon ofansiv atè nan rejyon Kharkiv nan nòdès la nan kòmansman mwa Me a, men yo te ralanti apre Kyiv te voye ranfò nan rejyon an.

Lame Ikrèn nan, bò kote pa l, pa jwenn ase anwole pou lagè ak Larisi a malgre li lanse yon kokenn mobilizasyon nan popilasyon an, e akoz reta nan livrezon èd ke Lwès la ap voye ba li.

XS
SM
MD
LG