Accessibility links

Breaking News

Julian Assange Rive Jwenn yon Akò pou Plede Koupab devan Lajistis Etazini

This screen shot courtesy of the WikiLeaks X account @wikileaks posted on June 25, 2024 shows WikiLeaks founder Julian Assange stepping off his flight from London upon arriving in Bangkok for a layover at Don Mueang International Airport in the Thai capit

Fondatè WikiLeaks la, Julian Assange, te rive jwenn yon antant avèk lajistis Etazini.

Antant sa gen ladann pou li plede koupab devan tribinal ameriken, e li pral rete an libète apre plizyè ane prizon li fin pase nan Wayòm Ini.

Otorite Ameriken te pouswiv Assange poutèt li te gaye sou entènèt plizyè santèn milye dokiman sekrè gouvènman an.

Sitwayen peyi Ostrali a dwe parèt devan yon tribinal federal nan zile Mariana, yon teritwa Ameriken nan rejyon Pasifik la.

Li ta dwe plede koupab pou "konplo li te mare pou jwenn epi gaye sou entènèt la enfòmasyon ki gen rapò ak defans nasyonal Etazini", dapre dokiman lajistis ki soti lendi 24 jen 2024 la.

XS
SM
MD
LG