Accessibility links

Breaking News

Larisi: Nèg ak Zam Touye plis pase 15 Polisye, Plizyè Sivil, nan Rejyon Sid Dagestan


Russia Dagestan Attacks
Russia Dagestan Attacks

MOSCOU (AP) — Plis pase 15 polisye ak plizyè sivil pèdi lavi yo, pami yo yon prèt Otodòks, anba men militan ame nan repiblik Dagestan nan sid Larisi, dapre sa gouvènè rejyon an rapòte.

Otorite yo di ke mesye ame yo te louvri gwo kout zam sou 2 legliz Otodòks, yon sinagòg ak yon pòs polis nan 2 vil dimanch.

Se gouvènè rejyon an Sergei Melikov ki anonse Lendi 24 Jen an nan yon kominike kantite moun ki tonbe nan atak sa yo.

Komite Nasyonal Anti-Teworis Larisi a dekri atak yo ki fèt nan yon rejyon ki gen Mizilman an majorite e ki gen yon yon istwa kote militan ame ak komèt zak teworis.

Gouvènè a deklare Lendi, Madi ak Mèkredi kòm jou dèy nan rejyon an.

XS
SM
MD
LG