Accessibility links

Breaking News

Trump di Tout Migran Ki Gradye nan Inivèsite Ameriken ta Dwe Resevwa “Green Card”


FILE PHOTO: Former U.S. President and Republican presidential candidate Trump holds a campaign event, in Racine
FILE PHOTO: Former U.S. President and Republican presidential candidate Trump holds a campaign event, in Racine

20 jen (Reuters) - Donald Trump, ki se kandida Repibliken pou prezidan, di nan yon deklarasyon ki pase sou entènèt jedi ke elèv ki gradye nan kolèj ameriken yo ta dwe resevwa yon “Green Card” pou yo rete nan peyi a, yon pwopozisyon ki ale kont pozisyon liy du ke li konn pran sou kesyon imigrasyon.

Nan podcast All-In nan ke envestisè nan teknoloji Silikon Valley yo te òganize, envestisè ki finanse nouvo antreprenè nan teknoloji, Jason Calacanis, di Trump ke Etazini bezwen gen mwayen pou kenbe legalman plis travayè ki gen gwo konpetans, sa ki moutre yon kokenn pwoblèm nan endistri teknoloji a.

Calacanis di: "Èske ou ka pwomèt nou ou pral ba nou plis kapasite pou enpòte pi bon tèt yo, moun ki pi briyan yo nan tout mond lan pou mennen yo Etazini?"

Trump di "Mwen pwomèt sa". "Men mwen dakò, osnon mwen pa ta pwomèt... Ou gradye nan yon inivèsite, mwen panse ke ou ta dwe resevwa otomatikman ansanm ak diplòm ou an yon Green Card pou kapab rete nan peyi a."

Yon kat vèt, ke yo rele tou yon kat rezidan pèmanan, pèmèt ke moun yo gen dwa viv epi travay an pèmanans nan peyi Etazini epi se yon etap ki ap mennen nan sitwayènte.

Li pa t klè si Trump te vle pale de tout etranje, pami yo moun ki te vin Ozetazini ilegalman oswa ki te rete plis tan pase sa viza yo te pèmèt, oubyen sèlman moun sa yo ki gen viza etidyan.

Lè yo te poze ekip kanpay Trump la kesyon sou sa, li di nan yon deklarasyon ke sa ap fèt sèlman apre "pwosesis egzamen ki pi agresif la nan istwa Etazini" kote se "gradye ki pi kalifye yo ki ka fè gwo kontribisyon nan Etazini" ki ta ka rete.

Gen yon avoka imigrasyon ke pwopozisyon Trump la pa konvenk.

Aaron Reichlin-Melnick, ki se direktè politik nan Konsèy Imigrasyon Ameriken an, di: “Mwen prèske ri paske administrasyon li a te adopte plizyè pozisyon politik pou mete restriksyon sou viza etidyan epi fè li pi difisil pou moun rete nan peyi a apre yo fin gradye.

XS
SM
MD
LG