Accessibility links

Breaking News

Pou Dominiken yo, Vedèt Celtics Al Horford se yon Trezò Nasyonal

Jwe mitan ekip Boston Celtics la, Al Horford (mitan) ak jwe Jayson Tatum (mitan a goch) selebre ak ekip yo apre yo pran twofe Larry O'Brien nan pou ranpote chanpyona lig pwofesyonel basketbol Ameriken an, NBA, 17 Jyen 2024.

Repiblik Dominiken ap selebre jwe basketbòl Al Horford ki jwe pou ekip Boston Celtics la. Misye tounen premye jwe Dominiken ki ranpòte yon chanpyona lig pwofesyonèl la, NBA.

Prezidan Dominiken an Luis Abinader felisite Horford, epitou vedèt entenasyonal bachata yo te felisite misye apre li te resi ranpòte chanpyona a apre li pase 17 ane ap jwe nan NBA a.

Celtics kale Dallas Mavericks 106-88 pou pran 18em chanpyona yo. Sa mete yo devan Los Angeles Lakers kom ekip nan lig la ki ranpòte plis chanpyona nan listwa.

Horford se moun Puerto Plata e li fè pati yon ti gwoup jwè Latino ki ranpòte yon chanpyona NBA.

Lòt jwè ki sou lis la se: Manu Ginobili ak Fabricio Oberto ki se moun Ajantin, Butch Lee ak JJ Barea ki se moun Pòtoriko, Carl Herrera ki se moun Venezyela, Leandro Barbosa ki se moun Brezil, epi Juan Toscano-Anderson ki se moun Meksik.

XS
SM
MD
LG