Accessibility links

Breaking News

Atak ki Sible 2 Enspektè Zaboka nan Meksik Lakoz Etazini Sispann Enspeksyon yo


Foto Achiv: Zaboka ki soti Meksik pou vann nan yon mache nan Lyndhurst, New Jerze, 17 Fevriye 2022.
Foto Achiv: Zaboka ki soti Meksik pou vann nan yon mache nan Lyndhurst, New Jerze, 17 Fevriye 2022.

Gen 2 anplwaye Depatman Agrikilti Etazini te viktim yon atak nan eta Meksiken ki rele Michoacan nan kote asayan yo te kidnape yo pwovizwaman. Sa lakoz gouvènman Ameriken an kanpe enspeksyon zaboka ak mango kap soti Meksik.

Anbasadè Ameriken Ken Salazar deklare Madi ke atak la dewoule nan zòn kote yo tap enspekte zaboka nan Michoacan. Li ti asayan yo lage enspektè yo.

Responsab Ameriken yo konfime poz nan enspeksyon an Lendi gen pou wè ak kè sote yo genyen pa rapò ak sekirite.

Anplwaye yo travay pou Sèvis Enspeksyon Sante Bèt ak Plant Depatman Agrikilti Etazini an.

Puiske Etazini rekolte zaboka tou, enspektè yo travay nan peyi Meksik pou asire zaboka yap ekspòte yo pa gen maladi ki taka andomaje rekòlt Ameriken yo.

XS
SM
MD
LG