Accessibility links

Breaking News

Lafrik di sid: Ramaphosa prete Sèman Pou yon Lòt Manda malgre Ensètitid Alantou Pwochen Gouvènman li an


Cyril Ramaphosa inauguration ceremony
Cyril Ramaphosa inauguration ceremony

Prezidan Sid Afriken an Cyril Ramaphosa, ki te reyeli pou yon dezyèm manda prete sèman jodi mèkredi 19 jen 2024 la, malgre gen kèk ensètitid sou fòmasyon nouvo gouvènman li a nan diskou li te fè pandan inogirasyon li, li ensite ke peyi a ap antre nan "yon nouvo epòk".

Palman an te renonmen semèn pase nan tèt peyi a, mesye Ramaphosa ki gen 71 zan. Men, pandan eleksyon lejislatif 29 me yo, Kongrè Nasyonal Afriken an (ANC) ki sou pouvwa a depi nan fen epòk apartheid la pèdi majorite absoli li nan Palman an pou premye fwa nan listwa, yo jwenn sèlman 40% vòt yo.

Pati a sèlman gen 159 nan 400 chèz nan palman an. Epi chèf leta a Ramaphosa ki reyeli pou 5 lane ap gen pou fòme nan jou kap vini yo yon gouvènman kowalisyon san parèy.

Li te fè yon deklarasyon solanèl nan katye jeneral gouvènman an pandan envestiti li: "Mwen menm, Matamela Cyril Ramaphosa, sèmante m ap rete fidèl ak Repiblik Lafrik di sid la e m pral obeyi, obsève, defann ak prezève Konstitisyon an,"

Li te kontinye pou l di "Fòmasyon yon gouvènman inite nasyonal se yon moman ki gen gwo siyifikasyon. Se kòmansman yon nouvo epòk"

Envite ki te patisipe nan seremoni an te abiye ak kostim, gen ladan yo tou ki te abiye ak rad tradisyonèl peyi a.

Ak yon kostim nwa, Mesye Ramaphosa te monte mach yo ki te gen tapi wouj nan "Union Building" e li te kenbe men madanm li.

XS
SM
MD
LG