Accessibility links

Breaking News

Larisi ak Kore di Nò Siyen yon Akò Patenarya


Russian President Putin visits North Korea
Russian President Putin visits North Korea

SEOUL, Kore di Sid (AP) - Prezidan Ris Vladimir Putin ak lidè Kore di Nò Kim Jong-Un te siyen yon nouvo akò patenarya ki gen ladann yon ve pou ede youn lòt si youn nan peyi yo tafè fas a "agresyon".

Somè ant 2 peyi yo fè fas ak yon gwo konfwontasyon ki gen ladann sanksyon peyi Lwès yo.

Li pa klè pou konnen ki detay ki egzateman nan kontra a imedyatman, men akò sa kapab se youn nan akò ki pi solid depi nan fen epòk Lagè Fwad la.

Tou 2 lidè yo te dekri akò a kòm yon gwo amelyorasyon nan relasyon yo, ki gen ladann sekirite, komès, envestisman, lyen kiltirèl ak imanitè.

Lèzetazini ak alye li yo gen enkyetid sou yon posib aranjman ki gen ladann zam ke Putin genyen ke li bezwen minisyon "katouch oubyen bal" ki nesesè anpil pou lagè li a nan Ikrèn ann echanj pou asistans ekonomik ak teknolojik ki ta ka amelyore pwogram zam nikleyè Kim nan.

XS
SM
MD
LG