Accessibility links

Breaking News

Biden Selebre Juneteenth Bonè


Prezidan Joe Biden kanpe sou sen nan ak chante Charlie Wilson (a goch) pandan Vis Prezidan Kamala Harris ak mari li, Doug Emhoff salye foul la pandan konse Juneteenth Lamezonblanch la 10 Jyen 2024.
Prezidan Joe Biden kanpe sou sen nan ak chante Charlie Wilson (a goch) pandan Vis Prezidan Kamala Harris ak mari li, Doug Emhoff salye foul la pandan konse Juneteenth Lamezonblanch la 10 Jyen 2024.

Prezidan Etazini Joe Biden selebre fèt nasyonal Juneteenth la bonè, lendi 10 Jyen - ak yon konsè sou gazon sid Lamezonblanch la. Vedèt nwa ameriken tankou Gladys Knight epi Patti Labelle te pèfòme.

Biden di envite yo: " Istwa nou se pa sèlman pase nou - se prezan nou ak avni nou tou. Se eske avni sa a se yon avni pou tout moun, pa sèlman yon gwoup Ameriken. Mesyedam istwa nwa yo se istwa Etazini."


Prezidan Demokrat la lanse avètisman pou di gen kèk "vye mò" ak rad nouvo ap chache wetire libète yo jwi yo epi rann ni pi difisil pou nwa Ameriken yo vote nan eleksyon.

"Se yon jou enpotan e puisan kote nou dwe sonje peche esklavaj la ak kapasite ekstraòdinè nwa yo te genyen pou yo simonte defi penib sa yo epi viv pi byen nan lavni. Se yon jou ki raple nou gen anpil travay ki rete pou fèt. Donk ann kontinye pran lari. Ann kenbe la fwa epi sonje kiyès nou ye. Nou se Etazini d Amerik e pa gen anyen nou paka fè si nou fèl ansanm."

Konsè a ane sa a dewoule nan moman kote eleksyon prezidansyèl la ap entansifye. Ekspè yo atann yo aske elektè nwa yo jwe yon wòl enpòtan nan eleksyon Novanm nan.

Nan ane 2020, biden te ranpòte 91% vwa nwa yo, dapre AP VoteCast.

Kandida prezidansyèl prezime Repibliken an, Donald Trump, ki se yon ansyen prezidan, sèmante elektè nwa yo pral vote pou li.

Tandiske nwa Ameriken yo konn vote pou kandida Demokrat yo d abitid, kèk chanjman nan lwayote politik yo oubyen si anpil nan yo deside pa vote - sa ta ka gen enpak sou eleksyon an.

Konsè Juneteenth la te ouvètman politik pa fwa. Animatè sware a, komedyen ka aktè Roy Wood Jr. te detaye tout sa administrasyon Biden nan akonpli tankou bese pri ensulin epi padone dèt etidyan yo.

Nap raple ke se an 2021 Biden te siyen yon lwa ki rann 19 Jyen, Juneteenth yo fèt nasyonal.

Juneteenth se jou nan ane 1865 kote dènye esklav Ameriken yo te aprann yo te lib - swa pliske 2 zan apre Prezidan Abraham Lincoln te siyen Pwoklamasyon Emansipasyon an ki te libere tout esklav ki tap viv nan konfederasyon an pandan Lagè Sivil la.

Plizyè jenerasyon nwa Ameriken fete Juneteenth, pou make jou kote Texas te mete pwoklamasyon an ann aplikasyon. Sa te make tou fen gè sivil la ak viktwa Inyon an.

Pami envite ki te asiste fèt Juneteenth Lamezonblanch la nou jwen chantè Raheem Devaughn, Kirk Franklin, rapè Doug E. Frech, chantè Anthony Hamilton, Chantez e aktris Patina Miller, chantez country Brittney Spencer, mizisyen djaz Trombone Shorty epi chantè Charlie Wilson.

Vis Prezidant Kamala Harris te danse ak Franklin.

Nan diskou li te pwononse pandan konsè a, Harris di selebrasyon Juneteenth ane sa a se pral yon jou nasyonal aksyon sou vòt, nan kad jefò pou ankouraje tout moun patisipe nan eleksyon an epi opoze tantativ kap fèt pou siprime vòt minorite yo.

XS
SM
MD
LG