Accessibility links

Breaking News

Sean 'Diddy' Combs Remet Kle Vil Nouyòk la Apre Piblikasyon yon Videyo Ki Montre l ap Maspinen Chantèz Cassie ak Baton


Diddy-Key-to-NYC
Diddy-Key-to-NYC

NEW YORK (AP) — Sean "Diddy" Combs te remèt kle vil Nouyòk yo te fè l kado sou demann majistra Eric Adams apre piblikasyon yon videyo ki montre vedèt mizik la ap atake chantèz R&B Cassie.

Biwo Majistra a nan Samdi konfime le Combs te retounen kle a apre Majistra Adams te voye yon lèt bay mizisyen an pou mande l remèt kle a bay meri a.

Karyè Combs te pran yon lòt touni apre anpil akizasyon sou abi seksyèl te tonbe sou do li.

Nan mwa me, CNN te difize yon videyo kamera sekirite anrejistre ki montre Combs ap atake Cassie nan yon koulwa otèl nan Los Angeles an 2016.

Combs te di ke li "vrèman regrèt" atak li te fè a sou Cassie a.

XS
SM
MD
LG