Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Gouvènman an Ap Ranvwaye Frantz Elbe nan Tèt PNH la, Normil Rameau Pral Ranplase l


HAITI-PROTEST/
HAITI-PROTEST/

PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) — Otorite nan peyi dAyiti ranplase Direktè polis nasyonal la Frantz Elbe, ki te pran anpil kritik pandan plizyè mwa kote yo akizel deske li pa fè ase pou pwoteje polisye ki kontinye ap viktim anba atak gang ame yo.

Yon ofisyèl gouvènman ki pa t gen otorizasyon pou pale ak medya yo kidonk li mande pou yo pa site non l, te di The Associated Press Samdi ke ansyen chèf polis Ayisyen Normil Rameau pral ranplase Frantz Elbé.

Rameau tou se yon anysen direktè PNH ke yo te ranvwaye nan pòs la gen prèske 4 an de sa sou administrasyon Jovenel Moïse la. Li pral pran tèt Lapolis la yon lòt fwa ankò. PNH gen pwoblem finansman ak ekipman.

Plis pase 2,500 moun te mouri oswa blese atravè peyi d Ayiti pandan twa premye mwa ane a. Pandansetan, gang kontinye ap komèt zak vyolans.

Pami moun ki mouri yo gen plizyè ofisye lapolis ki te viktim anba men gang nan mwa jen 2024 la.

XS
SM
MD
LG