Accessibility links

Breaking News

Gala Met la te An Penpan Gras ak Bèl Rad Fleri Zendaya, Jennifer Lopez epi Mindy Kaling


Zendaya nan gala Enstiti Kostim ak Bozar Mize Metwopoliten Nouyok la, 6 Me, 2024.
Zendaya nan gala Enstiti Kostim ak Bozar Mize Metwopoliten Nouyok la, 6 Me, 2024.

Gala djak sou djak Enstiti Kostim ak Bozar Mize Metwopoliten Nouyok la te fè vedèt yo defile sou yon tapi vèt ki sanble ak yon gazon.

Sipèsta nan domèn sinema, mod, mizik, spo, politik ak rezo sosyal yo resevwa envitasyon pou asiste evenman renome sa a chak ane.

Ko-oganizatris yo sete: aktris Zendaya, aktris e chantez Jennifer Lopez epi redaktris magazin Vogue la, Anna Wintour ki se sèvo dèyè swa liksyez la ki gen kom bi pou kotize lajan pou mize a.

Jennifer Lopez nan gala Enstiti Kostim ak Bozar Mize Metwopoliten Nouyok la, 6 Me, 2024.
Jennifer Lopez nan gala Enstiti Kostim ak Bozar Mize Metwopoliten Nouyok la, 6 Me, 2024.

Tèm sware a ane sa a sete "Jaden Tan an". Li lye ak ekspozisyon prentan mize a pral devwale Vandredi.

Pami vedèt ki te abiye ak flè nou jwenn mannken Gigi Hadid epi Thom Browne.

Aktris Mindy Kaling limenm sètènman pral sou lis moun ki te pi byen abiye yo. Li te mete yon rad koulè sab ke koutirye Endyen Gaurav Gupta fè espesyalman pou li.

Zendaya te fè yon bagay ki ra anpil - li te defile sou tapi a 2 fwa. Se limenm ki ge klotire defile Hot Kouti vedèt yo, ak yon chapo chaje ak flè sou tèt li.

Zendaya nan gala Enstiti Kostim ak Bozar Mize Metwopoliten Nouyok la, 6 Me, 2024.
Zendaya nan gala Enstiti Kostim ak Bozar Mize Metwopoliten Nouyok la, 6 Me, 2024.

XS
SM
MD
LG