Accessibility links

Breaking News

Trofe Balon Dò Maradona a Ale nan “Vente aux Enchères”


SOCCER-MARADONA
SOCCER-MARADONA

Twofe Balon Dò ke Diego Maradona a te pran apre yo te nonmen li pi bon jwè nan koup du mond 1986 la pral vann nan yon “vente aux enchères” an Frans nan mwa Jen.

Se premye balon dò ki ale nan yon vant piblik. Pandan yo pako konfime valè li, kay ki ap fè lavant piblik la espere ke li ka vann pou plizyè milyon dola 6 Jen ki ap vini.

Maradona, ki te mouri nan ane 2020, te ranpòte prim lan apre li te ede Ajantin ranpòte koup di mond Meksik la, lè li te fè 5 gòl nan final kote li te jwe wòl lidè pou peyi li epi jwe tout match yo.

Moun ka plis sonje tounwa sa a pou de gòl Maradona te make kont Angletè nan kar de final.

Maradona te vole pi wo pase gadyen Angletè, Peter Shilton, pou li te make premye gòl la epi leve pwen li anlè, e li te di pita se "Men Bondye" ki te make gòl la.

Dezyèm gòl la sete rezilta yon aksyon enkwayab, kote li te kouri depi nan kan li, drible senk jwè angle youn apre lòt, epi lage nan filè advèsè a sa ki pote tit "Gòl Syèk la".

Mayo li te mete nan jou sa a, ansanm ak boul ki te nan match la, tou de deja vann an piblik. Yon moun te achte mayo a pou prèske $9.3 milyon, e lavant sa a bat tout rekò pou yon mayo espò ki nan koleksyon.

Apre espektak nan match kont Angletè a, Maradona te kontinye woule balon, kote li te make de gòl ki te bat Bèljik nan semi final, kote Ajantin te ranpòte yon final sezisman 3-2 kont Almay de Lwès.

Premye fwa FIFA te vini ak Koup Dò sete nan koup du mond 1982 a, e sou lis ganyan li genyen Brezilyen Paolo Rossi, Romario ak Ronaldo, epi Franse Zinedine Zidane.

XS
SM
MD
LG