Accessibility links

Breaking News

Pi Gwo Konsè Madonna Janm Prezante Transfòme Plaj Copacabana Rio a nan yon Gwo Kokenn Chenn Pis Dans


Denye konse Madonna nan kad vire won "The Celebration Tour" li a sou plaj Copacabana nan vil Rio de Janeiro, Brezil, 4 Me 2024.
Denye konse Madonna nan kad vire won "The Celebration Tour" li a sou plaj Copacabana nan vil Rio de Janeiro, Brezil, 4 Me 2024.

Madonna prezante yon konsè gratis nan vil Rio de Janeiro nan Brezil, kote li transfome yon gwo espas sab plaj Copacabana a nan pis dans.

Yon pakèt fanatik te sou plas pou danse ansanm ak vedèt la.

Spektak la dewoule Samdi swa e sete dènye konsè nan vire won The Celebration Tour Madonna a ki te tanmen nan vil Lond ann mwad Oktob 2023. Se premye seri konsè retwospektiv vedèt la.

"Rèn Pop la" tanmen pèfomans li a ak "Nothing Really Matters" ki te yon gwo hit an 1998.

Madonna te akeyi foul fanatik ki tap bat bravo pou li yo pa di yo "Isit, nou nan lye ki bèl nan mond lan".

Li te souliyen bèl lanmè a, morn yo ak stati Jezikri ki siveye vil la.

Madonna ajoute "se yon kote majik."

XS
SM
MD
LG