Accessibility links

Breaking News

Òganizasyon Militan Mande Pou Konpayi yo Sispann Fè Biznis Ak Izrayèl


Protesters gather at the University of California Los Angeles
Protesters gather at the University of California Los Angeles

Mouvman pwotestasyon ki kouvri kounyea dè douzèn kanpis inivèsite nan Etazini ak apèl pou mande inivèsite yo sispann bay Izrayèl don, lòt òganizasyon militan ap laji li pou rive sou konpayi ameriken ki fè biznis ak Izrayèl oubyen ki konekte ak ekonomi li.

Ekzijans pou enstitisyon ameriken yo wete sipò finansye ke yo ap bay Izrayèl, li pa nouvo. Li te deja nan sant yon mouvman pwotestasyon ki rele BDS, ki vle di, Bòykote, Divest, kidonk wete envestisman, epi Sanksyon, yon mouvman ki la depi 2 dizèn lane.

Piblik la reyaji tou pou jan Izrayèl reponn atak 7 Oktob ke militan nan òganizasyon palestinyen Hamas te lanse sou sitwayen Izraelyen, kote Hamas te touye 1.200 moun epi pran dè santèn lòt ann otaj pou mennen yo nan Gaza. Repons Izrayèl la lakoz apèl yo kont sipò Etazini pou peyi sa a ogmante, sitou pami etidyan inivèsite yo.

Apre atak 7 Oktob-la, Izrayèl te benyen Gaza ak kout kanno, ak misil epi lanse envazyon atè, kote dè dizèn milye Palestinyen pèdi lavi, pami yo fanm ak timoun, e kote Izrayèl detwi anpil enfrastrikti, e kite plis pase yon milyon moun san manje ak dlo.

XS
SM
MD
LG