Accessibility links

Breaking News

Yon Imigran ki se Moun Peyi Laos Genyen $1.3 Milya nan Lotri Powerball la


Cheng "Charlie" Saephan kenbe check lotri Powerball li genyen an pandan yon konferans pou lapres nan Salem, Oregon 29 Avril 2024.
Cheng "Charlie" Saephan kenbe check lotri Powerball li genyen an pandan yon konferans pou lapres nan Salem, Oregon 29 Avril 2024.

Yon imigran ki se moun peyi azyatik ki rele Laos la e ki gen kansè ranpote gwo lo a nan lotri Ameriken ki rele Powerball la pi bonè mwa sa a. Misye genyen $1,3 milya dola, e li achte biyè a nan eta Oregon nan wès peyi Etazini.

Men chans Cheng "Charlie" Saephan nan pa sèlman chanje vi li, men tou atire atansyon moun sou lu Mien, yon gwoup etnik ki soti nan sidès Azi e ki gen orijin yo nan Lachin. Anpil manm gwoup etnik sa yo kouri kite Laos pou al viv Thailand epi apre sa yo t al tabli ko yo Ozetazini apre lagè Vyetnam nan.

Pandan yon konferans pou laprès Lendi kote yo te entwodui misye kom youn pami gayan gwo lo a, Saephan te mete yon senti ki idantifye l kom lu Mien.

Cayle Tern, ki se prezidan Asosyasyon lu Mien eta Oregon nan deklare viktwa a gen gwo siyifikasyon paske anpil nan refije lu Mien yo te rive Ozetazini men vid.

XS
SM
MD
LG