Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Netanyahu Sèmante Lap Lanse yon Operasyon Militè nan Vil Rafah

FILE - Israeli Prime Minister Benjamin Netanyahu addresses the Conference of Presidents of Major American Jewish Organizations in Jerusalem, Feb. 18, 2024.
FILE - Israeli Prime Minister Benjamin Netanyahu addresses the Conference of Presidents of Major American Jewish Organizations in Jerusalem, Feb. 18, 2024.

Premye-minis izraelyen Benjamin Netanyahu pwomèt jodi madi a pou li lanse yon operasyon militè nan vil Rafah ki sid Gaza, kit gen yon antant ou pa ak Hamas pou yon kanpo nan batay yo ak liberasyon otaj ki anba kòd nan Gaza.

Netanyahu di li nesesè pou fòs izraelyen yo antre nan Rafah pou yo fini nèt ak Hamas, ki te lanse yon atak sou Izrayèl nan mwa Oktob, ki te touye 1.200 moun, e kote Hamas te pran 250 moun kòm otaj.

Plis pase mwatye popilasyon Gaza a refijye nan Rafah, ki sou fwontyè ant Gaza ak peyi Ejip.

Mezon Blanch di jodi madi a Prezidan Etazini Joe Biden pwomèt pou li travay ak Ejip e ak Katar pou asire aplikasyon yon sispansyon nan batay ant Izrayèl ak Hamas.

See all News Updates of the Day

Livrezon Asistans Imanitè nan Gaza

Cyprus Israel Plestinians
Cyprus Israel Plestinians

Kamyon ki pote èd ke moun nan Gaza bezwen anpil woule pou travèse yon waf flotan ke Etazini fèk bati, pou premye fwa jodi vandredi a, e konsa yo rantre nan Gaza ki anba syèj, pandan restriksyon Izrael sou pasaj fwontyè yo ansanm ak gwo batay fè li difisil pou manje ak lòt èd antre sou teritwa a.

Chajman an se premye ki antre nan yon operasyon ke dirijan lame Etazini yo te prevwa ta ka pèmèt jiska 150 kamyon pa jou rantre nan Gaza, pandan Izrayèl ap mete presyon pou li rantre nan vil Rafah nan sid Gaza, nan kad ofansiv li a ki la depi 7 mwa.

Men Etazini ak gwoup ki ap bay èd yo avèti tou ke pwojè waf la paka ranplase livrezon èd sou wout atè, kote yo ta ka pote tout manje, dlo ak gaz ke moun nan Gaza bezwen. Anvan gè a, se plis pase 500 kamyon pa jou ki te konn pote machandiz antre nan Gaza.

Gran Tit Nouvèl Entènasyonal pou 17 Me, 2024

Gran Tit Nouvèl Entènasyonal pou 17 Me, 2024
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:00 0:00

VOA 60: Sè Lidè Kore di Nò a Kim Demanti ke Peyi l Founi Larisi Zam

Etazini : Chanm Depite a Vote pou Mande Livrezon Bonm pou Izrayèl

Congress Israel
Congress Israel

WASHINGTON (AP) — Chanm Depite a ke Repibliken yo kontwole fè yon vòt ki ale kont desizyon Prezidan Joe Biden pou li te fè yon kanpo nan livrezon bonm bay Izrayèl, ki ka sèvi nan yon ofansiv sou Rafah.

Jedi 16 Me a Chanm nan vote sou yon pwojè lwa ki sanse pa gen okenn chans pou yo aplike li, men ki mete presyon sou Demokrat yo paske li mande livrezon zam yo.

Administrasyon Biden nan ap chèche dekouraje Izrayèl pou pa fè ofansif li sou vil Rafah yon vil ki gen anpil sivil.

Mwa sa a, administrasyon Biden nan te kenbe yon chajman zam ki gen ladann 3,500 bonm.

Repibliken yo te move dènye degre pou sa, e deklare sa montre ke Etazini abandone youn nan alye ki pi pwòch li nan Mwayen Oryan an.

Somè Arab: Bahrain Fè Apèl Pou yon "Konferans Entènasyonal Pou Lapè" nan Pwòch Oryan an

A hand out picture provided by UAE Presidential Court on October 20, 2023, shows (front L- R) Vietnam's Prime Minister Pham Minh Chinh, Crown Prince of Kuwait Sheikh Mishal al-Ahmad al-Jaber al-Sabah, President of Indonesia Joko Widodo, the Emir of Qatar
A hand out picture provided by UAE Presidential Court on October 20, 2023, shows (front L- R) Vietnam's Prime Minister Pham Minh Chinh, Crown Prince of Kuwait Sheikh Mishal al-Ahmad al-Jaber al-Sabah, President of Indonesia Joko Widodo, the Emir of Qatar

Wa peyi Bahrain nan lanse apèl Jedi 16 Me pou mande yon "konferans entènasyonal pou lapè" nan ouvèti somè Lig Arab la ki ap dewoule nan Manama, nan moman kote Izrayèl ap mennen yon lagè kont gwoup palestinyen Hamas nan Gaza.

Peyi kap òganize somè a mande "yon konferans entènasyonal pou lapè" nan Pwòch Oryan an, ak yon efò pou "sipòte rekonesans konplè Eta Palestin nan pou li vin manm Nasyonzini", se deklarasyon Hamad bin Issa Al Khalifa.

Tank Izraelyen Touye 5 Solda Izraelyen

Israeli tanks manoeuvre near the Israel-Gaza border
Israeli tanks manoeuvre near the Israel-Gaza border

Lame Izrayèl la fè konnen jodi jedi a tank izraelyen touye 5 solda izraelyen nan nò Gaza.

Lame a pale de solda ki te nan move pozisyon pandan lòt t ap tire e li di 3 lòt solda soti blese.

Sa bay yon total 273 solda izraelyen ki tonbe depi lagè a te tanmen nan mwa Oktob la.

Jodi jedi a tou, lame Etazini rapòte ke li fin enstale yon waf tanporè ki jete lank bò yon plaj nan Gaza, sa ki pwal ouvè yon nouvo wout pou pote èd imanitè ale nan Gaza.

Kòmandman Santral Etazini fè konnen kamyon ki ap pote èd gen pou yo koumanse vanse sou plaj-la nan jou ki ap vini yo, e ke Nasyon Zini pwal anchaje pou resevwa chajman yo epi òganize distribisyon yo.

Load more

XS
SM
MD
LG