Accessibility links

Breaking News

Etazini: Depite Ak Senatè Ap Negosye Pou Anplwaye Plis Kontwolè Trafik Teryen


Southwest Flight Attendants
Southwest Flight Attendants

Negosyatè Chanm Depite ak Sena Etazini an di bonè jodi lendi a yo jwenn yon antant pou anplwaye plis kontwolè trafik aeryen epi mete plis finansman pou evite ensidan kote avyon ap manke fè kolizyon sou pis aewopò yo, men yo p ap ogmante laj pansyon pou pilòt yo ki se 65 an pou mete li nan 67.

Chanm Depite a te vote an Jiyè ane pase 351 kont 69 sou yon pwojè-lwa ki kouvri anpil bagay pou rebay FAA, ki se Administrasyon Avyasyon Federal la, ki te ogmante laj obligatwa pou pansyon pilot yo pou mete li nan 67 lane, men Komisyon Komès nan Sena a te vote an Fevriye ane sa a pou rejte ogmantasyon laj pansyon an. Regleman entènasyonal ta anpeche pilot ki gen plis pase 65 lane pilote avyon pou rantre nan pifò peyi apa de Etazini.

Pwojè-lwa a anpeche liy avyon yo fè fanmi yo peye plis pou yo chita ansanm e li ekzije avyon yo rekonèt papye sou lajan ke yo dwe pasaje yo pou 5 lane pou pi piti.

XS
SM
MD
LG