Accessibility links

Breaking News

Melchie Dumornay Meyè Jwèz Champyon Lig Semèn Pase a


Melchie Dumornay pandan match foutbol Olympique Lyonais kont Paris St. Germain nan peyi la Frans, 20 Avril, 2024.
Melchie Dumornay pandan match foutbol Olympique Lyonais kont Paris St. Germain nan peyi la Frans, 20 Avril, 2024.

Melchie Daelle Dumornay (Corventina) sispèsta Seleksyon Nasyonal Foutbòl Ayisyen an fè yon gòl e yon pas gòl, sa ki ede ekip li Lyon bat (3-2) ekip Paris Saint Germain (PSG) nan premye fas match ale a nan match demifinal lig champyon.

Bitèz ayisyèn nan antre pi fon nan gallri lejann foutbòl la ak plizyè rekò.

Melchie Dumornay, ki gen ti non jwèt Corventina, rive chanje sitiyayon match la epi ranvèse ekip Paris a, apre Kadidiatou Diani te fin redwi eka a pou Lyon (79e).

Nan sèlman 2 minit, Grenadyèz la mete ekip Lyon an sou do l, pou l mete do PSG atè.

Sou yon koufran, Corventina ki jwenn balon an nan antre 16 mèt la, elimine defansè PSG a ak yon bèl drib li fè ak yon yon senp ti kontwol pye dwat, avan li deklanche yon manman penba nan kan an, pou bay ekip Lyon egalizayon li tap chache a (85e).

Yon gwo bout gòl espesyal pou Melchie Dumornay ki se sèl atlèt ayisyen (fi kou gason) ki rive fè filè tranble nan lig chanpyon yo.

Melchie Dumornay pandan match foutbol Olympique Lyonais kont Paris St. Germain nan peyi la Frans, 20 Avril, 2024.
Melchie Dumornay pandan match foutbol Olympique Lyonais kont Paris St. Germain nan peyi la Frans, 20 Avril, 2024.

Sa pat janm fèt nan listwa pou yon jwè Ayisyen fè gòl nan pi gwo konpetisyon klèb ki gen sou kontinan Ewòp la, malgré plizyè foubolè patisipe nan tounwa a. Franzdy Pierrot, Wilde Donald Guerrier, Reginald Goreux ak Wagneau Eloi te gen privilèj jwe match nan C1 an, men yo pat janm ka jwenn wout gòl la. Men jèn jwez 20 lane a, Melchie Dumornay, brize mit lan e antre nan listwa.

Anplis de sa, Melchie Dumornay, se sèl atlèt nasyonalite ayisyen ki rive jwe yon match demifinal lig chanpyon yo.

Li fè gòl, li fè pas gòl. Sipèsta Ayisyèn nan kontinye enpresyone epi pwogrese nan foutbòl mondyal la.

Dumornay te byen sèvi Amel Majri pou twazyèm gòl Lyon an epi siyen 2e pas gòl li nan konpetisyon an devan plis pase 38 mil moun nan Groupama Stadium nan kote drapo ayisyen an t ap flote.

Gras a kokenchenn pèfòmans atankan Ayisyèn nan, ki fè yon pas gòl pou ede Lyon bat kòmsadwa PSG, Corventina pran tit meyè jwez match la. Yon rekonpans lojik pou Ayisyen nan ki pran tou tit meyè jwez semèn nan.

Sa pa janm fèt pou yon jwè ayisyen dominan konsa nan yon match konpetisyon sila.

Dumornay ak Lyon gen randevou ak menm ekip PSG sa, dimanch kap 28 avril pou match faz retou a.

UEFA te chwazi gòl Corventina a kòm meyè gòl pou semèn nan e, yo te chwali li tou kòm meyè jwèz chanpyona a pou semèn nan.

XS
SM
MD
LG