Accessibility links

Breaking News

Premye Tribinal nan Kwoasi a Entèdi Prezidan an Vin Premye Minis Peyi a


Croatia's President Zoran Milanovic casts his ballot to vote in the country's parliamentary elections at a polling station in Zagreb on April 17, 2024.
Croatia's President Zoran Milanovic casts his ballot to vote in the country's parliamentary elections at a polling station in Zagreb on April 17, 2024.

Prensipal Tribinal Kwoasi a di Vandredi ke prezidan peyi a, ki te fè kanpay pou vin premye minis anvan eleksyon palmantè yo semèn sa a, pa ka dirije nouvo gouvènman an.

Prezidan Tribinal Konstitisyonèl la Miroslav Separovic pale nan yon konferans pou laprès kote li avèti ke "Prezidan an pa ka patisipe nan kanpay la, e ke li dwe dabò demisyone. Kounye a li fini. Li pa ka premye minis deziyen ankò,"

Moun Kwoasi te vote nan yon eleksyon palmantè Mèkredi kote pati konsèvatè HDZ ki sou pouvwa a te pran pifò syèj yo, men pa ase pou fòme yon gouvènman pou kont li.

XS
SM
MD
LG