Accessibility links

Breaking News

Biden ak Madanm ni Antre $620,000 pou Ane 2023 a


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden salye yon moun pandan premye dam Jill Biden kanpe bo kote l, 8 Mas, 2024.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden salye yon moun pandan premye dam Jill Biden kanpe bo kote l, 8 Mas, 2024.

Prezidan Etazini Joe Biden ak madanm ni, Jill pibliye enpo yo peye. Dokiman an montre sale anyel yo ogmante de 7% pou l rive $619,976 an 2023 e ke 23,7% lajan koup la te sevi pou peye enpo federal.

Biden pibliye done yo lendi 15 Avril, ki se jou tout sitwayen Ameriken gen pou yo peye enpo yo. Misye, ki se yon Demokrat ap chache re-eli an 2024.

Donald Trump limenm, ki se rival Repibliken Biden, pat okipe tradisyon prezidan Ameriken yo toujou respekte pou pibliye enpo federal yo peye. Misye te di li patka fe sa pandan Sevi Revni Enten nan tap mennen anket sou li. Men ajans la te reponn pou di misye lib pou l pibliye yo si l vle.

Yon komisyon Chanm Depite a ke Demokrat yo te kontwole an 2022 te pibliye enpo Trump te peye ant 2015 ak 2020 malgre misye pat dako ditou ditou. Yo te kache kek enfomasyon pou pwoteje vi prive Trump.

Ye lendi a, Trump te devan tribinal nan Nouyok, kote lap fe fas ak yon pwose kriminel istorik. Se youn pami plizye tet chaje legal ki enplike ex-prezidan an anski konsene finans pesonel li.

XS
SM
MD
LG