Accessibility links

Breaking News

ExxonMobil Redui Aktivite li an Frans


Kilang ExxonMobil Baton Rouge di Baton Rouge, Louisiana, AS, 15 Mei 2021. (Foto: REUTERS/Kathleen Flynn)
Kilang ExxonMobil Baton Rouge di Baton Rouge, Louisiana, AS, 15 Mei 2021. (Foto: REUTERS/Kathleen Flynn)

Jeyan konpayi petwòl Ameriken ExxonMobil anonse jedi 11 avril la yon rediksyon nan aktivite li nan yon sit nan nòdwès peyi Lafrans, sa ki pral lakòz 677 moun pèdi djòb yo".

ExxonMobil pwomèt pou li kòmanse yon "rechèch pou jwenn solisyon pou pwoblèm anplwaye sa yo ki pral pèdi travay yo epi li presize ke "Yo pa gen entansyon fèmen djòb sa yo anvan ane 2025" la.

Minis endistri Roland Lescure pale sou desizyon sila kote li di ke dapre li "Sa a se yon anons terib pou anplwaye yo ak fanmi yo".

"Gwoup la gen yon obligasyon pou ofri anplwaye-yo lòt opòtinite pou yo travay epi li dwe devlope sit la."

Pou eksplike difikilte sa yo, ExxonMobil lonje dwèt sou "yon vapocraqueur", yon izin ki sèvi ak chalè e ak vapè dlo pou dekonpoze kèk eleman nan petwòl ak gaz natirèl pou fè lòt pwodui chimik. ExxonMobil pale tou de gwosè vapocraqueur a ak lòt tankou li ki nan peyi a.

Lòt pwoblèm ke li prezante ankò se sa li koute konpayi an pou fè biznis an Frans, youn nan peyi ki gen pri enèji ki pi wo ann Ewòp, dapre sa li di. E li di tou ke konpayi an oblije achte enèji byen chè pou rafine petwòl la. Kidonk LaFfrans pa nan pozisyon pou kenbe li.

"Pri gaz natirèl an Frans ke yo estabilize apeprè 2 fwa, koute plis depi apre Covid, e te deja pi chè an Frans pase nan Amerik di Nò anvan Covid ", dapre prezidan an Ufip la Olivier Gantois.

ExxonMobil fè konnen rafineri Port-Jérôme, ki te pran dife 11 Mas pase nan yon inite distiyasyon, kote 5 moun te resevwa blesi lejè, pral kontinye aktivite li.

XS
SM
MD
LG