Accessibility links

Breaking News

Depozisyon Ansyen Direktè FBI la, James Comey, Jedi 8 Jen an devan yon Komisyon Sena Ameriken an


Ansyen direktè FBI la, James Comey.
Ansyen direktè FBI la, James Comey.

Ansyen direktè Biwo Ankèt Federal Lèzetazini an (FBI), James Comey, pral fè depozisyon li jedi 8 jen 2017 la devan komisyon sèvis sekrè Sena a k ap mennen ankèt sou akizasyon deske Larisi ta mele nan eleksyon prezidansyèl ki te dewoule Ozetazini nan mwa novanm 2016 la e sou rapò ki ta ekziste ant Moskou ak pwòch kolaboratè Misye Trump yo pandan kanpay elektoral la. Se premye fwa Misye Comey pral parèt an piblik depi Prezidan Trump te revoke li sanzatann nan dat 9 Me pase a.

Prezidan Donald Trump (agoch), epi ansyen direktè FBI la, James Comey.
Prezidan Donald Trump (agoch), epi ansyen direktè FBI la, James Comey.

Nan moman revokasyon an, Misye Comey t ap dirije ankèt Biwo Ankèt Federal la t ap mennen sou wòl otorite yo nan Moskou ta jwe nan eleksyon prezidansyèl ane pase a e sou konbinezon posib ki ta fèt ant responsab kanpay Trump la ak kèk ajan ris pou ede Misye Trump kale advèsè demokrat li nan eleksyon an, Hillary Clinton.

XS
SM
MD
LG