Accessibility links

Breaking News

Ansyen Lidè Militè Panama, Manuel Antonio Noriega, Mouri. Li te gen 83 Zan.


Ansyen lidè panameyen, Jeneral Manuel Noriega.
Ansyen lidè panameyen, Jeneral Manuel Noriega.

Ansyen diktatè peyi Panana Manuel Noriega mouri, dape nouvèl ki sòti nan kèk sous ofisyèl. Rejim Noriega a se yon administrasyon kote tèm dominan yo sete koripsyon ak vyolans. Prezidan panameyen an, Juan Carlos Varela, ekri sou kont Twitter li pou l di “lanmò Noriega a vin fèmen yon chapit nan listwa peyi a e fanmi li merite pou moun kite yo antere ansyen lidè a nan lapè.”

Noriega te pase dènye jou nan vi li nan yon lopital kote li te sibi anpil operasyon pou doktè te ka wete yon tumè nan sèvo li pi bonè ane sa a. Anvan ansyen diktatè a te antre lopital la, otorite yo te wete li anba yon rezidans suveye kote yo te plase li pou koripsyon ak asasina opozan pandan li tap dirije Panama ant 1983 e 1989.

Sòlda Lèzetazini ki tap sikile nan lari vil Panama ak drapo ameriken an pou yo selebre ak sitwayen panameyen yo an janvye 1990 aprè Jeneral Manuel Noriega te rann tèt li.
Sòlda Lèzetazini ki tap sikile nan lari vil Panama ak drapo ameriken an pou yo selebre ak sitwayen panameyen yo an janvye 1990 aprè Jeneral Manuel Noriega te rann tèt li.

Manuel Noriega te pèdi pouvwa a apre yon envasyon lame amerikèn te lanse an 1989 e li te pase plizyè ane nan prizon Ozetazini pou trafik dwòg. Ansuit li te pran yon tou prizon nan peyi Lafrans pou lavaj move lajan anvan li te retounen Panama an 2011 pou l te ale nan prizon ankò. Manuel Noriege te genyen 83 zan.

XS
SM
MD
LG