Accessibility links

Breaking News

Etazini-Jistis: Yon Lòt Kou Dapèl Bloke Remiz an Aplikasyon Entèdiksyon Vwayaj Prezidan Trump te Dekrete Kont 6 Peyi Mizilman

Avoka Omar Jadwat, reprezantan Oganizasyon pou Libète Sivil Ozetazini, ki tap pale devan 4èm Kou Dapèl ameriken an nan vil Richmond, Eta Vijini, anvan tribinal la te pran desizyon pou l rejte dekrè prezidansyèl anti-mizilman an.

Ozetazini, yon tribinal dapèl nan vil Richmond, Eta Vijini, pran desizyon pou l pa remete an aplikasyon yon dekrè Prezidan Donald Trump te pran pou l entèdi pandan yon peryòd 3 mwa sitwayen 6 peyi kote majorite popilasyon an se mizilman antre sou tèritwa ameriken an. Tribinal la pran desizyon an nan jounen jedi 25 me 2017 la; li fè konnen dekrè prezidansyèl la se tou senpleman yon "entèdiksyon kont mizilman". Jij 4èm kou dapèl Lèzetazini an pibliye desizyon yo a nan yon dokiman 205 paj kote yo di:

“Dekrè prezidansyèl sa a se egzatteman sa Misye Trump te pwomèt pandan kanpay elektoral la e apre eleksyon an; sa vle di se yon diskriminasyon kont mizilman yo."

Panèl la, ki te gen 13 jij ladan n, site mesaj sou Twitter, entèvyou Misye Trump te bay ak deklarasyon li te pibliye sou sitwèb kanpay elektoral li a kòm prèv ki montre karaktè enkonstitisyonèl dekrè prezidansyèl la.

XS
SM
MD
LG