Accessibility links

Breaking News

Arestasyon Ansyen Majistra Les Irois, Jean Morose Viliéna, nan Boston, Ozetazini


Sembòl Lajistis
Sembòl Lajistis

Majistra Jean Morose Viliéna ki kouri kite Les Irois, nan Depatman Grand Ans, nan mwa janvye 2009 aprè otorite ayisyen yo te ouvè yon ankèt sou li. Kòm majistra kominal, Viliéna te nan tèt yon milis ki te resevwa nan men li lòd pou yo komèt vyolans kont opozan politik li yo, oubyen kont moun ki te plenyen kont fason li tap dirije Les Irois, yon ti vil ki gen yon popilasyon 22 mil 300 moun.

Ansyen majistra ap viv nan vil Malden, nan Eta Massachusetts kote, daprè avoka 3 nan viktim li yo, li tap travay kòm yon chofè bis lekòl. Viliéna, kap defann tèt li pou kont li, te konparèt san avoka nan tribinal kote li deklare li inosan.

Repòtaj Luckner Laguerre sou Reyaksoyn kèk viktim ansyen majistra Jean Morose Viliéna (19 me 2017).
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:51 0:00

Klike sou lyen anlè a pou w swiv yon repòtaj korespondan nou Luckner Laguerre sou jan kèk viktim reyaji nan Les Irois aprè yo te aprann afè a devan lajistis amerikèn.

XS
SM
MD
LG